Mat 22

22
Parabòl bankè a
(Lik 14:15-24)
1Jezi te kontinye ap sèvi ak parabòl pou anseye pèp la. 2Li di yo: “Wayòm Bondye a se tankou yon wa ki prepare yon gwo resepsyon maryaj pou pitit gason l. 3Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.
4Yon dezyèm fwa, li voye sèvitè l yo al kote envite yo pou di yo tout bagay gen tan pare. Mwen gen tan touye pi bon bèf mwen yo ak lòt bèt ankò. Tout bagay pare, m ap tann nou pou nou vin nan nòs la.
5Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo. 6Gen yon lòt gwoup menm ki mete men sou sèvitè wa a, yo maltrete yo epi touye yo. 7Sa te fè wa a fache anpil. Li voye sòlda l yo al touye tout asasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan vil kote yo t ap viv la.
8Apre sa, wa a di sèvitè l yo: Resepsyon nòs la fin pare, men nou te gen move kalite envite. 9Konsa, ale kanpe nan kafou yo, epi envite tout moun k ap pase pou yo vin nan resepsyon nòs la. 10Sèvitè wa a soti nan lari a, yo ranmase tout moun yo te jwenn, bon moun tankou move moun. Konsa resepsyon an te vin plen moun.
11Men lè wa a vin fè yon ti kontwòl sou moun ki te nan resepsyon an, li wè yon nonm ki pa t gen rad nòs sou li. 12Wa a di l: zanmi m, kijan w fè kote w ye a san ou pa gen rad nòs sou ou? Men moun ki pa t gen rad nòs la pa t menm ka di yon mo. 13Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.
14Wi, Bondye rele anpil moun, men se sèlman yon ti ponyen li chwazi.”
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mak 12:13-17; Lik 20:20-26)
15Apre sa, Farizyen yo kite kote Jezi t ap anseye a epi y al fè yon reyinyon. Yo t ap eseye tann yon pyèj pou Jezi, sitou nan sa l ap di. 16Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans. 17Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
18Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj? 19Montre m yon pyès lajan nou sèvi pou nou peye taks.” Yo pote yon pyès kòb ba li. 20Li mande yo: “Foto ki moun ak non ki moun ki sou pyès kòb sa a?”
21Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.”
Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”
22Apre yo fin tande repons sa a, yo te tèlman sezi, yo kite Jezi repo. Y ale fè wout yo.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)
23Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24“Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.#22:24 Gade nan Det 25:5. 25Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27Fi a vin mouri an dènye. 28Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”
29Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?#Egz 3:6, 15, 16. Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”
33Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)
34Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36“Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”
37Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.#Det 6:5. 38Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w#22:39 pwochen w Oubyen “Lòt moun”. Sa Jezi ansye nan Lik 10:25-37 montre aklè sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen. menm jan ak pwòp tèt pa w.#Lev 19:18. 40Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”
Èske Mesi a se pitit David?
(Mak 12:35-37; Lik 20:41-44)
41Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: 42“Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?”
Yo reponn li: “Li se pitit David.”
43Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:
44Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
jiskaske m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w!#Sòm 110:1.
45Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
46Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.

Chwazi Kounye ya:

Mat 22: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an