Matye 22

22
Parabòl resèpsyon maryaj la
(Lik 14.15-24)
1Antan Jezi t'ap pale ak moun yo, li pran rakonte yo yon lòt parabòl:
2— Nan #Lik 14.16-24 Peyi #Jan 3.29 Wa ki nan syèl la, se tankou yon wa ki t'ap fete nòs pitit gason li. 3Li voye domestik li yo rele moun ki te envite nan nòs la. Men, yo yonn pat vle vini. 4#Mat 21.36 sa a, wa a voye lòt sèvitè, li di yo: Ale di envite yo manje a pare. Mwen gentan fè touye towo bèf mwen yo ak lòt bèt gra mwen yo. Tout bagay pare. Vin nan resepsyon an. 5Men, envite yo pa fè ka sa l voye di yo a, y'al okipe zafè yo. Yonn ladan yo ale nan jaden l, yon lòt ale nan trafik li. 6Gen ladan yo ki pran domestik yo, yo maltrete yo, yo touye yo. 7Wa a #Mat 24.2 fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a. 8Lè sa a, li di domestik li yo: Manje nòs la pare, men moun ki te envite yo pat merite sa. 9Ale #Mat 13.47; 21.43 sou granchemen, envite tout moun nou jwenn pou yo vini nan nòs la. 10Domestik yo ale nan tout granchemen, yo sanble tout moun yo jwenn, ni move ni bon. Konsa, kote yo t'ap fè nòs la te plen moun.
11— Wa a vin antre pou wè envite yo. Je l al tonbe sou yon nonm ki pat abiye ak rad nòs la. 12Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. 13Wa a #Mat 8.12 di domestik li yo: Mare de pye l ak de men l, voye l jete deyò nan fènwa a. Se la l'a gen pou l kriye, pou l manje dan li. 14Paske, yo envite anpil moun, men se de twa ase y'a chwazi.
Lajan pou peye Seza
(Mak 12.13-17; Lik 20.20-26)
15#Mak 12.13-17; Lik 20.20-26 sa a, #Jan 8.6 farizyen yo ale, yo mete tèt yo ansanm pou wè ki jan yo ta ka pran pawòl nan bouch Jezi pou akize li. 16Yo #Mak 3.6; Jan 3.2 voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kote Jezi pou mande li:
— Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l ye a, ou pa pè pèsonn. Paske, ou pa gade sou figi moun. 17Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
18Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn:
— Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa, bann ipokrit? 19Moutre m pyès lajan nou sèvi pou peye taks la.
Yo moutre l yon pyès lajan. 20Jezi mande yo:
— Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li?
21Yo #Wòm 13.7 reponn li:
— Pòtre Seza ak non Seza ki sou li.
Lè sa a, Jezi di yo:
— Enben, bay Seza sa ki pou Seza. Epi bay Bondye sa ki pou Bondye.
22#Jan 8.9 yo tande sa, yo pat manke sezi. Yo kite l, y'al fè wout yo.
Kèsyon sou rezireksyon
(Mak 12.18-27; Lik 20.27-40)
23Menm #Mak 12.18-27; Lik 20.27-40 jou a, #Tra 23.6,8 sadiseyen yo vin bò kote Jezi. (Se sadiseyen yo ki di moun mouri pa leve.) Yo poze Jezi kèsyon sa a:
24— Mèt, #Jen 38.8; Det 25.5,6 Moyiz te di si yon nonm mouri san kite pitit, frè l gen pou marye ak madanm defen an pou l ka fè pitit pou frè l ki mouri a. 25Se konsa, te gen sèt frè, moun isit ansanm ak nou. Premye a marye, li mouri san l pat gen pitit. Li kite madanm li pou frè li. 26Dezyèm lan pase menm jan an tou. Twazyèm lan tou. Konsa, konsa, jouk tout sèt frè yo fin pase. 27Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri li menm tou. 28Lè mò yo va gen pou leve, madanm kilès li pral ye la a? Paske, li te madanm yo tout.
29Jezi reponn yo:
— Nou nan lerè wi. Nou pa konprann sa ki ekri nan Liv la, ni nou pa konnen pouvwa Bondye. 30Lè mò yo va gen pou leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. 31Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò, eske nou pa li sa Bondye te di nou: 32Mwen #Mat 8.11; Egz 3.6 se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.
33Tout moun ki t'ap koute l yo te sezi tande sa l t'ap di yo.
Kòmandman ki pi konsekan an
(Mak 12.28-34; Lik 10.25-28)
34#Mak 12.28-31; Lik 10.25-28 farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen. 35Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:
36— Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?
37Jezi #Det 6.5 reponn li:
— Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou. 38Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan. 39Men #Lev 19.18 dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 40De #Mat 7.12; Wòm 13.10; Gal 5.14 kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.
Eske Kris la se Pitit David
(Mak 12.35-37; Lik 20.41-44)
41Antan #Mak 12.35-37; Lik 20.41-44 farizyen yo te reyini, Jezi poze yo kèsyon sa a:
42— Dapre #Jan 7.42 nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye?
Yo reponn li:
— Li se pitit pitit David!
43Jezi di yo:
— Bon, kouman David fè rele l Senyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l di:
44Bondye #Mat 26.64; Sòm 110.1 te di Senyè mwen an:
Chita la sou bò dwat mwen,
jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.
45Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?
46Okenn moun pat kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pèsonn pat gen odas poze l kèsyon ankò.

Chwazi Kounye ya:

Matye 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an