Kantik A Kantik Yo 3
3
Jenn Fi an
1Sou kabann mwen, pandan nwit la,
mwen te chache sila #Kan 1:7ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
2Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la;
nan #Jr 5:1ri yo ak nan plas yo.
Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
3 #
Kan 5:7
Gadyen ki fè tou vil la te twouve m.
Mwen te mande l: “Èske ou konn wè
sila ke nanm mwen renmen an?”
4Lè m #Pwov 8:17fenk kite yo mwen te jwenn
sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l
jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m,
pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
5M ap #Kan 2:7avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou leve
ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
6Se kisa k ap monte kite dezè a
tankou pilye lafimen yo,
byen pafime ak fèy bazilik ak #Egz 30:34 lansan,
plen ak poud santi bon machann yo?
7Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte;
swasant òm pwisan kap antoure l,
mesye pwisan Israël yo.
8Yo tout ki konn manyen nepe,
#
Jr 50:9
ki fò nan afè lagè;
chak mesye gen nepe l bò kote li,
pou fè gad kont menas lannwit yo.
9Wa Salomon te fè pou kont li
yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
10Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò.
Kote pou chita a fabrike ak twal mov,
e tout anndan li byen dekore pa #Kan 1:5fi Jérusalem yo.
11Ale, O fi a Sion yo,
e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a
manman l te kouwone l nan #És 62:5 jou fèt maryaj li,
nan jou kè kontan li an.
Chwazi Kounye ya:
Kantik A Kantik Yo 3: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith