Kantik A Kantik Yo 4
4
Salomon
1A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!
#
Kan 1:15
Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;
cheve ou tankou yon bann kabrit
ki fin desann sòti Mòn Galaad.
2 #
Kan 6:6
Dan ou tankou yon bann mouton
ak lenn fenk taye ki sot benyen.
Yo tout fè pòtre jimo yo,
ni youn nan yo pa pèdi pitit li.
3Lèv ou tankou #Jos 2:18fisèl wouj
e bouch ou tèlman bèl.
De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.
4 #
Kan 7:4
Kou ou tankou fò David la,
bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,
tout boukliye won a mesye pwisan yo.
5 #
Kan 7:3
De tete ou tankou de jèn ti antilòp;
jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.
6 #
Kan 2:17
Jiskaske jou a bese pou l vin fre
e lonbraj yo vin disparèt,
mwen va trase chemen mwen rive nan mòn
fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.
7 #
Kan 1:15
Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,
e nanpwen defo nan ou.
8Vin avè m soti #I Wa 4:33Liban, fi maryaj mwen an;
m bezwen ou vini avè m sòti Liban.
Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,
soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;
soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.
9Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;
ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,
ak yon sèl bout fisèl nan #Jen 41:42kolye ou.
10 #
Kan 7:6
A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,
fi a maryaj mwen an!
A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven
e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!
11Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;
siwo myèl ak lèt anba lang ou.
Bon odè vètman ou tankou #Jen 27:27bon odè Liban an.
12Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,
fi a maryaj mwen;
yon jaden wòch ki fèmen,
yon fontèn dlo ki #Jen 29:3ansèkle.
13Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,
ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;
14ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,
ak tout bwa lansan yo, #Sòm 45:8 lami ak lalwa,
ansanm ak tout meyè kalite epis yo.
15Ou menm se yon sous jaden,
yon pwi #Za 14:8dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.
Jenn Fi an
16Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!
Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;
kite epis li yo vante gaye toupatou.
Ke cheri mwen an vin nan jaden li an
pou manje tout fwi chwa li yo.
Chwazi Kounye ya:
Kantik A Kantik Yo 4: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith