Kantik A Kantik Yo 2

2
Jenn Fi An
1Mwen se flè Woz Saron an,
flè Lis a vale yo.
Salomon
2Tankou yon flè lis pami pikan yo,
se konsa #Kan 1:9cheri mwen an ye
pami tout jenn fi yo.
Jenn Fi an
3Tankou yon #Kan 8:5pye pòm pami bwa nan forè,
se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.
Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;
konsa fwi li te dous nan gou m.
4Li te mennen m nan gwo sal bankè li,
e #Sòm 20:5 drapo li monte sou mwen an se lanmou.
5Ban m fòs ak #II Sam 6:19 gato rezen,
rafrechi m ak pòm,
akoz mwen malad ak lanmou.
6Kite men goch li rete anba tèt mwen
ak men dwat li pou l #Pwov 4:8anbrase m.
7M ap #Kan 3:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou m leve,
ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
8Koute! Men cheri mwen an!
Men l ap vini!
L ap monte #Kan 2:17sou mòn yo,
epi vòltije sou kolin yo!
9Cheri mwen an tankou yon #Pwov 6:5antilòp,
oswa yon jenn sèf.
Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;
l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
10Cheri mwen an te reponn mwen
e te di m: #Kan 2:13“Leve vini cheri mwen an,
pi bèl mwen an.
11Paske gade, sezon fredi a fin pase,
lapli fin pati nèt.
12Flè yo deja parèt nan peyi a;
tan an chante a fin rive!
Vwa #Jen 15:9toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
13Fwi #Mat 24:32pye fig etranje a fin mi,
e chan rezen yo bay odè pafen.
Leve vini, annou pati!”
Salomon
14O toutrèl nan #Jr 48:28fant wòch mwen an,
nan kote sekrè chemen ki monte apik,
kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!
Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
15 # Éz 13:4 Kenbe rena yo pou nou,
ti rena k ap detwi chan rezen yo,
paske chan nou yo ap fè flè.
Jenn Fi an
16Cheri mwen an se pa m,
e mwen se pa l.
Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
17 # Kan 4:6 Jiskaske joune a vin fè fre
lè lonbraj yo kouri ale;
vire, cheri mwen an,
fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

Chwazi Kounye ya:

Kantik A Kantik Yo 2: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte