Kantik A Kantik Yo 1
1
1Kantik A #I Wa 4:32Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.
Jenn Fi a
2Kite l bo m ak bo bouch li!
Paske #Kan 1:4lanmou ou bon pase diven.
3Lwil pafen ou yo santi bon.
#
Ekl 7:1
Non ou menm se tankou lwil kap vide;
se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.
4Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!
Wa a mennen m nan chanm li yo.
Lòt Yo
#
Kan 1:4
“Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;
nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.
Jenn Fi a
Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”
5Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,
O fi a Jérusalem yo, tankou tant #És 60:7 Kédar yo,
tankou rido a Salomon yo.
6Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;
solèy la brile m konsa.
#
Sòm 69:8
Fis a manman m yo te byen fache avè m;
Yo te fè m gadyen chan rezen yo.
Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.
7Pale mwen, ou menm nan
ke nanm mwen tèlman renmen;
ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?
Ki kote ou konn fè l kouche a midi?
Paske poukisa mwen ta tankou yon moun
ki vwale figi li nan kote twoupo #Kan 8:13 zanmi ou yo?
Salomon
8Si ou menm, ou pa konnen,
O #Kan 5:9pi bèl pami tout fanm yo;
janbe swiv wout twoupo a,
e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo
akote tant bèje ou yo.
9Pou mwen, cheri mwen an,
ou tankou #II Kwo 1:16-17 pi bèl poulich
pami sa kap rale cha Farawon an.
10Bò figi ou byen bèl ak zanno,
kou ou ak #Jen 24:53 bèl kolye.
Lòt Yo
11Nou va fè pou ou dekorasyon an lò
anbeli ak pwent an ajan tou won.
Jenn Fi a
12Pandan wa a te sou tab li,
#
Kan 4:14
pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.
13Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;
#
Sòm 45:8
fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.
14Cheri mwen an se yon grap flè jasmen
byen plase nan chan rezen #I Sam 23:29 En-Guédi yo.
Salomon
15“Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!
#
Kan 4:1
Zye ou tankou toutrèl yo.”
Jenn Fi Lan
16Gade jan ou bèl e byen agreyab, #Kan 2:3-17cheri mwen an;
anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.
Salomon
17Pilye kay nou se #I Wa 6:9-10bwa sèd
e travès yo se bwa pen.
Chwazi Kounye ya:
Kantik A Kantik Yo 1: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith