Revelasyon 9
9
1Answit, senkyèm zanj lan te sone, e mwen te wè yon zetwal nan syèl la ki te tonbe sou tè a. Epi kle a #Luc 8:31fòs labim nan te bay a li menm. 2Li te ouvri labim nan, e #Jen 19:28lafimen te sòti nan fòs la tankou lafimen a yon gwo founo. Solèy la avèk lè a te vin tounwa akoz lafimen ki sòti nan labim nan.
3 #
Egz 10:12-15
Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a. 4Yo te di yo pou yo pa fè zèb latè yo mal, ni okenn bagay vèt, ni okenn pyebwa, men sèlman moun ki pa gen #Éz 9:4so Bondye a parèt sou fon yo. 5Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon #II Kwo 10:11,14eskòpyon lè l pike yon moun.
6Nan jou sa yo, #Job 3:21moun va cheche lanmò, e yo p ap twouve l. Yo va anvi mouri e lanmò va sove ale kite yo.
7Aparans a krikèt yo #Jl 2:4te tankou cheval ki prepare pou batay. Sou tèt yo te gen bagay tankou kouwòn an lò, e figi yo te tankou figi a moun. 8Yo te gen cheve ki te tankou cheve a fanm, e #Jl 1:6dan yo te tankou dan lyon. 9Yo te gen pwotèj lestonmak tankou pwotèj an fè, e bri a zèl yo te tankou bri cha a anpil cheval k ap kouri nan batay. 10Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan #Rev 9:19ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan #Rev 9:5senk mwa. 11Yo gen kòm wa sou yo, zanj #Luc 8:31labim nan. Non li an Ebre se Abaddon, e an Grèk, li rele Apollon.
12 #
Rev 8:13
Premye malè a te gen tan fin pase. Gade byen, de malè ap toujou vini apre bagay sa yo.
13Answit, sizyèm zanj lan te sone. Mwen te tande yon vwa ki sòti nan kat kòn #Rev 8:3lotèl an lò ki devan Bondye a. 14Youn t ap di a sizyèm zanj ki te gen twonpèt la: “Lage kat zanj ki mare bò kote #Jen 15:18gwo Larivyè Euphrate la.”
15Epi kat zanj yo, ki te prepare ojis pou lè a, mwa a, jou ak lane a, te #Rev 20:7lage pou yo ta kapab touye yon tyè nan limanite. 16Kantite lame ki te sou cheval yo te #Rev 5:11de-san-milyon. Mwen te tande kantite yo a.
17Konsa, mwen te wè nan vizyon an, cheval ak sila ki te chita sou yo a. Chevalye yo te gen pwotèj lestomak menm koulè ak dife, jasent, ak #Rev 9:18souf, e tèt cheval yo tankou tèt lyon. E se dife, lafimen ak souf ki t ap sòti #Rev 11:5nan bouch yo. 18Yon #Rev 8:7tyè limanite te vin touye pa twa fleyo sa yo; pa dife, lafimen, ak souf ki t ap sòti nan bouch yo a. 19Paske pouvwa a cheval yo se nan bouch yo ak nan ke yo. Paske ke yo tankou sèpan e yo gen tèt; e avèk yo, yo fè mal yo.
20Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, #Rev 2:21pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni #És 47:9,12nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.
Chwazi Kounye ya:
Revelasyon 9: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith