Sòm Yo 147
147
1Louwe SENYÈ a!
Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.
Paske se agreyab epi lwanj Li se #Sòm 33:1dous.
2SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.
Li #Det 30:3ranmase egzile Israël yo.
3Li geri sila ak #Sòm 34:8kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
4Li konte fòs kantite zetwal yo.
Li #És 40:26bay non a yo tout.
5Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs.
#
És 40:28
Bon konprann Li an san limit nèt.
6SENYÈ a bay #Sòm 37:24soutyen a aflije yo.
Li fè mechan yo bese desann jis rive atè.
7 #
Sòm 33:2
Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki #Job 5:10founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9Li bay bèt la manje li,
ak #Job 38:41jenn kòbo k ap kriye yo.
10Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li #I Sam 16:7pa pran plezi nan janm a moun.
11SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
#
Sòm 33:18
sila ki tann lanmou dous Li yo.
12Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!
Louwe Bondye ou a, O Sion!
13Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;
Li te #Sòm 37:26 beni fis ou yo anndan w.
14Li #Sòm 29:11fè lapè anndan lizyè ou yo.
Li satisfè ou ak meyè kalite ble.
15Li voye lòd Li sou latè.
#
Sòm 104:4
Pawòl Li kouri byen vit.
16Li bay lanèj kon lenn.
Li gaye #Job 38:29lawouze glase kon sann.
17Li jete voye glas Li kon ti mòso.
Se kilès ki kab kanpe devan #Job 37:9fredi Li a?
18Li voye pawòl Li pou fonn yo.
Li fè #Sòm 107:25van Li soufle e dlo yo koule.
19Li #Det 33:3-4deklare pawòl Li yo a Jacob,
règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.
20Li #Det 4:7-34pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.
Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.
Louwe SENYÈ a!
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 147: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith