Sòm Yo 146

146
1Beni SENYÈ a!
# Sòm 103:1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
2Mwen va beni SENYÈ a #Sòm 63:4pandan mwen ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an
pandan mwen sou latè a.
3 # Sòm 118:9 Pa mete konfyans nan prens yo.
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.
4 # Ekl 12:7 Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
5A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki #Sòm 71:5 mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
6Ki te fè syèl la avèk tè a,
# Trav 14:15 lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
7Ki #Sòm 103:6egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
8SENYÈ a #Mat 9:30ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
9SENYÈ a #Egz 22:21pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
10SENYÈ a va renye jis pou tout tan,
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ a!

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 146: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte