Sòm Yo 148
148
1 #
Sòm 69:34
Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!
Louwe Li kote ki wo yo!
2Louwe Li, tout zanj Li yo.
Louwe Li #Sòm 103:20-21tout lame Li yo!
3Louwe Li, solèy ak lalin nan.
Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!
4Louwe Li, pi wo syèl yo,
ak #Jen 1:7dlo ki anwo syèl yo.
5Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske #Jen 1:1Li te pase lòd, e sa te fèt.
6Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.
Li te pase yon #Job 38:33dekrè ki p ap janm disparèt.
7Louwe SENYÈ a soti sou latè,
#
Jen 1:21
gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.
8Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,
van tanpèt ki #Job 37:12akonpli pawòl Li yo.
9Mòn yo ak tout kolin yo,
#
És 55:12
pye fwi yo ak tout pye sèd yo,
10Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,
sa ki #Os 2:18trennen atè ak bèt ki vole yo,
11 #
Sòm 102:15
wa latè yo ak tout pèp yo,
prens yo ak tout jij latè yo,
12ni jennonm, ni vyèj,
granmoun ak timoun.
13Kite yo louwe non SENYÈ a,
paske se sèl non Li ki leve wo.
#
És 12:4
Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.
14Li te leve yon kòn pou pèp Li a,
Lwanj pou tout fidèl Li yo,
menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.
Louwe SENYÈ a.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 148: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith