Sòm Yo 145
145
Yon chan lwanj pa David
1Mwen va #Sòm 30:1leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
#
Job 5:9
Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4Yon #Sòm 22:30-31jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk #Sòm 119:27zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
6Lezòm va pale sou pouvwa a #Det 10:21zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
7Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8SENYÈ a #Egz 34:6plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10 #
Sòm 19:1
Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
11Yo va pale #Jr 14:21glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12Pou #Jr 14:21fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13Wayòm Ou an se yon #Sòm 10:16wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li #Sòm 146:8leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou #Sòm 104:27bay yo manje yo nan lè yo.
16Ou #Sòm 104:28ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17Senyè a #Sòm 116:5dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li#Jn 4:24 ak verite yo.
19Li va #Sòm 21:2ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men #Sòm 9:5mechan yo, Li va detwi
21Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e #Sòm 65:2tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 145: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith