Sòm Yo 141
141
Yon Sòm David
1 #
Sòm 22:19
O SENYÈ, mwen rele non Ou.
Fè vit! Vin kote m!
Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!
2Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;
lè m #I Tim 2:8leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.
3Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.
Veye dri sou #Mi 7:5pòt lèv mwen yo.
4Pa mennen kè m vè okenn mal,
pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki #És 32:6 fè inikite yo.
Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.
5Kite moun #Pwov 9:8ladwati yo frape mwen.
Konsa, li dous.
Kite li korije mwen.
L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.
Pa kite tèt mwen refize li,
paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.
6Jij pa yo #II Kwo 25:12 fin jete a tè bò kote wòch yo.
Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.
7Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,
se konsa zo nou yo fin gaye nan #Nonb 16:32-33 bouch sejou mò a.
8Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.
Nan Ou, mwen kache.
Pa kite nanm mwen san pwotèj.
9Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,
avèk #Sòm 140:5 pèlen a sila ki fè inikite yo.
10Kite mechan yo #Sòm 7:15tonbe nan pwòp filè yo,
pandan mwen pase akote.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 141: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith