Sòm Yo 11
11
Pou direktè koral la; yon sòm David
1Se nan SENYÈ a ke m #Sòm 2:12kache.
Kijan ou kapab di a nanm mwen:
“Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;
2Paske, gade byen, mechan yo koube banza,
Yo #Sòm 64:3 fè flèch yo parèt sou kòd la,
pou tire nan fènwa sou sila ak kè ki dwat yo.
3Si #Sòm 82:5fondasyon yo vin detwi,
se kisa moun dwat yo kab fè?”
4SENYÈ a nan sen tanp Li an.
#
Rev 4:2 SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.
Zye Li veye.
Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
5SENYÈ a #Jen 22:1sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;
men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.
6Sou mechan yo, Li va #Sòm 18:13-14voye chabon cho tankou lapli;
dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.
7Paske Bondye dwat.
Li renmen ladwati.
Sila ki kanpe dwat yo va #Sòm 16:11wè figi Li.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 11: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith