Sòm Yo 10

10
1Poukisa Ou kanpe tèlman lwen, O Senyè?
Poukisa #Sòm 22:1Ou kache Ou menm nan tan twoub yo?
2Nan ògèy pa yo, mechan yo kouri cho dèyè aflije yo.
Kite yo #Sòm 7:16kenbe nan menm pèlen ke yo te fè a.
3Paske mechan a ap vin ògeye sou #Sòm 94:3dezi kè li a;
li beni moun voras la,
e eksprime madichon pou l rejte SENYÈ a.
4Mechan an nan wotè rega li, refize chache Bondye,
Tout panse li se ke: #Sòm 14:1“Nanpwen Bondye.”
5Chemen pa li yo reyisi tout tan;
Jijman Ou yo tèlman wo, li pa wè yo.
Selon lènmi li yo, li giyonnen yo.
6Li di a pwòp tèt li: #Rev 18:7“Mwen p ap ebranle menm;
Pandan tout jenerasyon yo,
mwen p ap gen pwoblèm ditou.”
7 # Wo 3:14 Bouch li plen ak malediksyon, avèk
twonpe moun avèk oprime moun.
Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.
8Li chita nan anbiskad pou veye vil yo;
nan anbiskad yo, li #Sòm 94:6touye inosan yo.
Zye li yo veye san bat sila ki pa gen espwa yo.
9Li kache yon kote an kachèt tankou lyon nan nan kav li.
Li kache pou kenbe aflije yo;
li kenbe aflije yo lè l rale mennen yo rive nan pèlen #Sòm 140:5an.
10Li akwoupi, li pare kò l;
konsa malere a vin tonbe
pa grif pwisan li yo.
11Li pale a tèt li: #Sòm 10:4“Bondye bliye.
Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”
12Leve O SENYÈ!
O Bondye, #Sòm 17:7leve men Ou wo!
Pa bliye aflije yo!
13Poukisa mechan an te meprize Bondye?
Li te di nan tèt li: “Ou p ap egzije m sa”.
14Ou te wè sa, paske Ou te wè kont
mechanste ak agase moun pou pran sa an men.
Malere a ap depann de Ou menm;
Se Ou ki konn ede #Sòm 68:5òfelen an.
15 # Sòm 37:17 Kase bra a mechan yo avèk malfektè a!
Dekouvri mechanste li yo jiskaske
Ou pa twouve l ankò.
16SENYÈ a se Wa a pou tout tan!
# Det 8:20 Nasyon yo va peri disparèt de peyi Li a.
17O SENYÈ, Ou te tande #Sòm 9:18dezi a enb yo;
Ou va ranfòse kè yo, Ou va enkline zòrèy Ou,
18pou bay jistis a òfelen an avèk #Sòm 9:9oprime a,
pou lòm ki mache sou tè a, pa koze laperèz ankò.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 10: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte