Sòm Yo 12

12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
1Sekou, SENYÈ, paske #És 57:1moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2Yo pale sa ki fo a youn lòt.
# Wo 16:18 Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki #Dan 7:8pale gwo bagay yo;
4ki #Sòm 73:8-9te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, #És 33:10Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki #Pwov 30:5teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
7Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va #Sòm 37:28prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
8Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
#És 32:5 bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 12: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte