Pwovèb Yo 30

30
1Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la:
nonm nan pale Ithiel,
a Ithiel ak Ucal:
2“Anverite, mwen #Sòm 49:10pi bèt pase tout moun
e mwen pa gen konprann a yon nonm.
3Mwen pa t aprann sajès,
ni mwen pa gen #Pwov 9:10konesans a Sila Ki Sen an.
4Kilès ki te #Rev 19:12monte nan syèl la e te desann?
Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li?
Kilès ki te vlope dlo nan vètman li?
Kilès ki te etabli tout pwent tè yo?
Ki non li e ki non fis Li a?
Asireman, ou konnen!
5“Tout #Sòm 12:6pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
6 # Det 4:2 Pa ogmante sou pawòl Li yo,
oswa Li va repwoche ou
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
7“De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
8Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak #Job 23:12manje ki se pòsyon pa m nan,
9pou m pa #Det 8:12vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
10“Pa pale mal yon esklav a mèt li,
sinon li va #Ekl 7:21modi ou, e ou va twouve koupab.
11Gen yon kalite moun ki #Egz 21:17modi papa li
e refize beni manman l.
12Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li;
sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
13Gen yon kalite—O, jan #Pwov 6:17zye li leve wo,
e pòpyè zye li leve ak awogans.
14Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe
ak machwè tankou kouto,
ki prèt pou #Sòm 14:4devore aflije sou fas tè yo,
e fè moun malere yo disparèt pami moun.
15“Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’.
“Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:
16Sejou Lanmò a, #Jen 30:1vant fanm esteril la,
latè a ki pa janm jwenn dlo ase,
ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’.
17“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman,
# Det 28:26 kòbo nan vale a va vin rache l,
e jenn èg yo va manje li.
18“Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,
kat ke m pa konprann:
19 # Det 28:49 Vòl a yon èg nan syèl la,
pa sèpan an sou wòch,
chemen gwo bato a nan mitan lanmè,
ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
20“Men konsa chemen a #Pwov 5:6fanm adiltè a:
Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
21“Anba twa bagay, latè tranble,
e anba kat, li pa ka kenbe:
22Anba yon #Pwov 19:10esklav lè li vin wa,
ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
23anba yon fanm neglije lè l jwenn mari,
ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.
24“Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès:
25 # Pwov 6:5 Foumi se pa yon pèp ki fò;
men yo prepare manje yo nan gran sezon.
26 # Lev 11:5 Chat mawon se pa yon pèp pwisan;
men yo fè kay yo nan wòch.
27Krikèt volan yo pa gen wa;
men yo parèt #Job 2:7byen alinye.
28Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou;
sepandan, li antre nan palè a wa a.
29“Gen twa bagay ki mache parèt bèl,
menm kat ki bèl lè yo mache:
30Lyon ki #Jij 14:18pwisan pami bèt yo,
e ki pa fè bak devan okenn bèt;
31Jan kòk mache a,
menm ak mal kabrit,
o yon wa lè lame parèt avè l.
32“Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo,
oswa si ou te fè konplo pou mal,
# Job 21:5 mete men ou sou bouch ou.
33Paske lèt k ap laboure vin fè bè,
ak peze nen pote san;
se konsa #Pwov 10:12 laboure kòlè pwodwi konfli.”

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 30: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte