Pwovèb Yo 29
29
1Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch
va #Pwov 6:15 vin kraze sibitman san remèd.
2Lè #Est 8:15moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
3Yon nonm ki #Pwov 10:1renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.
4 #
II Kwo 9:8
Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
5Yon nonm ki #Sòm 5:9flate vwazen li
ap ouvri filè pou pla pye li.
6Pa transgresyon yon nonm mechan
vin #Pwov 22:5pran nan pyèj nèt;
men moun dwat la va chante e rejwi.
7Moun #Job 29:16ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
8Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun #Pwov 16:14 saj yo kalme kòlè.
9Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
10Moun k ap #Jen 4:5-8vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
11Moun san konprann toujou fache;
men #Pwov 19:11yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
12Si #I Wa 12:14gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
13Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;
se SENYÈ a ki #Esd 9:8 mete limyè nan zye tou de.
14Si yon #Sòm 72:4wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan.
15 #
Pwov 13:24
Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
16Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;
men #Sòm 37:34-36moun dwat yo va wè tonbe yo.
17Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va #Pwov 10:1 bay nanm ou gwo plezi.
18Kote nanpwen #I Sam 3:1vizyon, pèp la san fren;
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
19Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;
paske malgre li konprann, li p ap reponn.
20Èske ou wè yon nonm ki #Jc 1:19 pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
21Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,
nan lafen, twouve yon fis.
22Yon #Pwov 15:18nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
23Ògèy a yon nonm va mennen li ba;
men yon #Pwov 15:33 lespri enb va jwenn respè.
24Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;
li #Lev 5:1pran sèman an men li pa pale anyen.
25Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki #Sòm 91:1-16mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
26Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;
men #És 49:4lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
27Tankou yon nonm #Sòm 6:8enjis abominab a moun dwat,
yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 29: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith