Pwovèb Yo 31
31
1Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
2“O fis mwen an!
O fis a vant mwen an!
O fis a ve mwen yo!
3 #
Pwov 5:9
Pa bay fòs ou a fanm,
ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
4Se pa pou #Ekl 10:17wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e #Egz 23:6tòde dwa a sila ki aflije yo.
6Bay bwason fò a sila k ap #Job 29:13peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 #
Job 29:12-17
Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann #És 1:17 dwa a aflije yo ak endijan an.”
10Yon #Rt 3:11madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
13Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14Li tankou bato komès;
li mennen manje li soti byen lwen.
15Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
#
Luc 12:42
bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17Li #I Wa 18:46mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
18Li santi ke siksè li bon;
lanp li pa janm etenn lannwit.
19Li lonje men l vè aparèy tise a
e men l kenbe l.
20Li #Det 15:11lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.
21Lakay li pa fè krent pou lanèj,
paske tout lakay #II Sam 1:24 abiye an wouj.
22Li fè #Pwov 7:16kouvèti pou tèt li;
tout vètman li se twal fen blan ak mov.
23Mari li byen rekonèt #Det 16:18nan pòtay lavil yo,
lè l chita pami ansyen a peyi yo.
24Li fè #Jij 14:12vètman an len pou vann yo,
e founi sentiwon a tout komèsan yo.
25Fòs ak #I Tim 2:9-10respè se abiman li
e li souri a lavni.
26Li #Pwov 10:31ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
27Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje #Pwov 15:19pen laparès.
28Pitit li yo leve e beni li;
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
29“Anpil fi te fè byen bon;
men ou pi bon anpil pase yo tout.”
30Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki #Sòm 112:1krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
31Ba li sa ke men l te pwodwi,
epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 31: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith