Pwovèb Yo 28
28
1Mechan yo #Lev 26:17-36sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
2Pa transgresyon a yon pèp, #I Wa 16:8-28chèf peyi yo vin anpil;
men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.
3Yon moun pòv ki peze malere
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
4Sila ki abandone lalwa a #Sòm 49:18bay lwanj a moun mechan;
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
5Moun mechan yo #Sòm 92:6pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
6 #
Pwov 19:1
Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
7Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun #Pwov 23:20voras fè papa l wont.
8Sila ki agrandi richès li avèk #Egz 22:25enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
9Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,
menm #Sòm 66:18lapriyè li abominab.
10Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an
va li menm tonbe nan pwòp fòs li;
men #Mat 6:33 sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;
men #Pwov 28:28lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki #Sòm 32:5 konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14A la beni se sila ki toujou #Pwov 23:17gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
15Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,
se konsa yon #Egz 1:14 chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16Yon #Ekl 10:16gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17Yon nonm ki #Jen 9:6twouble ak koupabilite san moun
va yon fijitif jiskaske li mouri.
Pinga pèsòn ba li soutyen.
18Sila ki mache san tò a va delivre;
men sila ki #Pwov 10:27kwochi a va tonbe byen vit.
19 #
Pwov 12:11
Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20Yon nonm #Pwov 10:6fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22Yon nonm ak #Pwov 23:6move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
23Sila ki bay yon moun repwòch
va jwenn plis favè pase sila ki #Pwov 29:5 fè flatè ak lang li an.
24Sila ki vòlè papa li oswa manman l
epi di: “Sa pa yon transgresyon”,
se #Pwov 18:9 parèy ak yon moun ki detwi.
25Yon nonm awogan ap #Pwov 15:18pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26Sila ki #Pwov 3:5mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27Sila ki #Pwov 11:24bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;
men lè yo peri moun dwat yo vin plis.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 28: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith