Pwovèb Yo 27
27
1Pa vin ògeye sou bagay demen,
paske ou #Luc 12:19-20 pa konnen kisa yon jou ka pote.
2Kite #Pwov 25:27yon lòt moun ba ou lwanj,
e pa fè ak pwòp bouch ou.
Kite l fèt pa yon ou pa konnen,
e pa de pwòp lèv ou.
3Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;
men moun ensanse k ap anmède a
pi lou pase yo tou de.
4Fachez rèd fè move.
Kòlè se yon inondasyon.
Men se #Pwov 6:34kilès ki ka kanpe devan jalouzi.
5Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.
6Fidèl se blese a yon zanmi;
men twonpri se #Mat 26:49bo a yon ènmi.
7Moun vant plen rayi siwo myèl;
men pou sila ki grangou,
nenpòt bagay anmè vin dous.
8Tankou yon #Pwov 26:2zwazo ki egare nich li,
se konsa yon nonm ki mache lwen kay li.
9 #
Sòm 23:5
Lwil ak pafen fè kè kontan;
se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.
10Pa abandone pwòp zanmi ou, ni #I Wa 12:6-8zanmi a papa ou.
Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.
Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen.
11 #
Pwov 10:1
Sèvi ak sajès, fis mwen,
e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.
12Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;
men sila ki fou a avanse pou peye pri a.
13Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni,
e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.
14Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,
sa va rekonèt kon madichon pou li.
15 #
Pwov 19:13
Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli
avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:
16Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,
oswa sezi lwil ak men dwat li.
17Se fè ki file fè;
se konsa yon nonm file zanmi l.
18Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,
e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.
19Tankou nan dlo, figi reflete figi,
konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l.
20 #
Job 26:6
Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;
ni zye a lòm pa janm satisfè.
21Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò;
konsa, yon nom rafine pa lwanj ke l resevwa.
22Malgre ou ta #Pwov 23:35foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,
tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li.
23 #
Jr 31:10
Konnen byen kondisyon a bann ou yo,
e okipe twoupo ou yo;
24paske richès pa la pou tout tan,
ni yon #Job 19:9kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
25Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,
e zèb mòn yo #És 17:5fin ranmase.
26Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,
e kabrit yo va mennen pri a yon chan.
27Lèt kabrit ap kont pou manje ou,
pou manje tout lakay ou,
ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 27: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith