Pwovèb Yo 11

11
1Yon #Lev 19:35-36fo balans se abominasyon a SENYÈ a;
men yon pwa ki jis se plezi Li.
2#Pwov 16:18ògèy vin monte, dezonè vin swiv;
men avèk moun enb lan, se sajès.
3Entegrite a moun dwat la va gide yo;
men #Pwov 19:3 koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
4Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;
men #Jen 7:1 ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
5Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;
men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.
6Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;
men moun trèt yo #Sòm 7:15-16va kenbe pa pwòp vorasite yo.
7Lè yon nonm mechan mouri,
# Pwov 10:28 sa li anvizaje a mouri avè l.
8Moun dwat la va delivre soti nan twoub;
men mechan an va pran plas li.
9Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;
men ak konesans, moun dwat yo va delivre.
10Lè sa #Pwov 28:12ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;
e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.
11Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;
men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.
12Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;
men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.
13Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;
men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
14Kote ki pa gen #Pwov 15:22gid, moun yo tonbe;
men ak anpil konseye, gen viktwa.
15Sila ki se #Pwov 6:1garanti pou yon moun li pa konnen,
va vrèman soufri pou sa a;
men sila ki rayi vin yon garanti va asire.
16Yon #Pwov 31:28-30fanm ak gras twouve onè;
e mesye san prensip yo twouve richès.
17Yon nonm ki fè #Mat 5:7gras fè byen pou pwòp tèt li;
men yon nonm mechan fè tèt li mal.
18Mechan an ranmase salè li nan koken;
men sila ki #Os 10:12simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.
19Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,
e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.
20Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;
men sila ki san tò nan chemen yo, se #I Kwo 29:17plezi Li.
21Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;
men desandan a moun dwat yo va delivre.
22Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,
se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.
23Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;
men #Pwov 10:28dezi a mechan an mennen jijman.
24Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.
Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
25Sila #Pwov 3:9-10ki bay ak bon kè a va pwospere;
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
26Sila ki refize bay manje sereyal la, #Pwov 24:24va modi pa pèp la;
men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.
27Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;
men #Est 7:10sila ki chache mal la,
se mal la k ap vin jwenn li.
28Sila ki #Sòm 49:6mete konfyans nan richès li va vin tonbe;
men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
29Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;
e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.
30Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,
e #Pwov 14:25 sila ki saj va sove nanm yo.
31Si #II Sam 22:21-25moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,
konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb Yo 11: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte