1
Pwovèb Yo 11:25
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
Konpare
Eksplore Pwovèb Yo 11:25
2
Pwovèb Yo 11:24
Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.
Eksplore Pwovèb Yo 11:24
3
Pwovèb Yo 11:2
Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv; men avèk moun enb lan, se sajès.
Eksplore Pwovèb Yo 11:2
4
Pwovèb Yo 11:14
Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe; men ak anpil konseye, gen viktwa.
Eksplore Pwovèb Yo 11:14
5
Pwovèb Yo 11:30
Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi, e sila ki saj va sove nanm yo.
Eksplore Pwovèb Yo 11:30
6
Pwovèb Yo 11:13
Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
Eksplore Pwovèb Yo 11:13
7
Pwovèb Yo 11:17
Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.
Eksplore Pwovèb Yo 11:17
8
Pwovèb Yo 11:28
Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe; men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.
Eksplore Pwovèb Yo 11:28
9
Pwovèb Yo 11:4
Richès pa gen avantaj nan jou jijman an; men ladwati va delivre moun soti nan lanmò.
Eksplore Pwovèb Yo 11:4
10
Pwovèb Yo 11:3
Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.
Eksplore Pwovèb Yo 11:3
11
Pwovèb Yo 11:22
Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon, se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.
Eksplore Pwovèb Yo 11:22
12
Pwovèb Yo 11:1
Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a; men yon pwa ki jis se plezi Li.
Eksplore Pwovèb Yo 11:1