Pwovèb Yo 10
10
1Pwovèb a Salomon yo.
Yon fis ki saj fè papa li kontan,
men yon fis ki plen ak foli
se yon gwo doulè pou manman l.
2 #
Sòm 49:7
Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,
men ladwati delivre soti nan lanmò.
3SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,
men l ap rejte lanvi mechan an.
4Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
5Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an a,
se yon fis ki aji ak sajès;
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,
fè gwo wont.
6Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;
men #Pwov 10:11bouch mechan an kache vyolans.
7Memwa a moun dwat la beni;
men #Sòm 9:5 non mechan an vin pouri.
8 #
Pwov 9:8
Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;
men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.
9Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;
men sila #Pwov 26:6 ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
10Sila #Sòm 35:19ki bat zye a, koze pwoblèm,
e moun fou a ki pale anpil, fè dega.
11 #
Sòm 37:30
Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,
men bouch a mechan an kache vyolans.
12Rayisman pwovoke konfli;
men lanmou kouvri tout fot.
13Sou #Pwov 10:31lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14Moun saj yo ranmase konesans;
men ak #Pwov 10:8-10 bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
15Byen a moun rich se yon sitadèl pou li.
#
Pwov 19:7
Sa ki detwi malere a se mizè.
16 #
Pwov 11:18-19
Salè a moun dwat se lavi;
revni a mechan an se pinisyon.
17Sila ki swiv enstriksyon an, #Pwov 6:23sou wout lavi;
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
18Sila #Pwov 26:24ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men #Pwov 17:27sila ki frennen lèv li gen sajès.
20Lang a moun dwat yo se tankou #Pwov 8:19ajan pi chwazi a;
men kè a mechan an vo piti.
21 #
Pwov 10:11
Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;
men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.
22Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;
konsa li pa mele ak chagren.
23Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;
e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.
24Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;
men #Sòm 145:19sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.
25Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;
men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.
26Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;
se konsa #Pwov 26:6parese a ye pou sila ki voye li yo.
27 #
Pwov 3:2
Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;
men lane mechan yo va kout.
28Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men #Job 8:13 entansyon mechan an va peri.
29Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;
men #Pwov 21:15 destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
30Moun ladwati a p ap janm souke;
men #Pwov 2:22mechan yo p ap demere nan peyi a.
31 #
Sòm 37:30
Bouch a moun dwat la koule ak sajès;
men lang pèvès la vin koupe.
32Lèv a moun dwat yo fè parèt #Ekl 12:10sa ki bon;
men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.
Chwazi Kounye ya:
Pwovèb Yo 10: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith