Job 35

35
1Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
2“Èske ou sipoze ke #Job 27:2ou ge dwa sa a?
Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
3Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?
Ki #Job 9:30-31pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
4Mwen va reponn ou,
menm ak zanmi ou yo tou.
5 # Jen 15:5 Gade nan syèl yo pou wè;
epi gade byen nan nwaj yo.
Yo pi wo pase ou.
6Si ou te peche, #Pwov 8:36kisa ou akonpli kont Li?
Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
7Si ou jis, #Luc 17:10kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
8Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm,
e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
9“Akoz #Egz 2:23fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò.
Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
10Men #Job 21:14pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,
ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
11ki #Sòm 94:12enstwi nou plis pase bèt latè yo,
pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
12La, yo #Pwov 1:28kriye fò, men nanpwen repons
akoz ògèy moun mechan yo.
13Anverite, #Jr 11:11Bondye p ap koute yon kri ki vid,
ni Toupwisan an p ap okipe l.
14Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li.
# Job 31:35 Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
15Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,
ni Li pa t apresye awogans,
16pou sa, Job ouvri bouch li an ven;
li ogmante pawòl li yo #Job 34:35san konesans.”

Chwazi Kounye ya:

Job 35: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte