Job 34

34
1Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.
Koute mwen, nou menm ki gen konesans.
3Paske #Job 12:11zòrèy la fè prèv pawòl yo,
jan bouch la goute manje a.
4Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;
kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.
5Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men
# Job 27:2 Bondye te rache dwa mwen an;
6èske mwen ta dwe manti selon dwa m?
# Job 6:4 Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’
7Se kilès ki tankou Job,
k ap #Job 15:16bwè giyonnen moun tankou se dlo,
8ki ale #Job 22:15kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,
e mache avèk moun malveyan yo?
9Paske li te di: #Job 21:5‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun
lè l pran plezi li nan Bondye.’
10“Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.
Fòk se lwen pou Bondye ta #Job 8:3fè mechanste,
e pou Toupwisan an fè mal.
11Paske Li rekonpanse lòm selon #II Kor 5:10zèv li yo,
e fè li jwenn selon chemen li.
12Anverite, #Job 34:10Bondye p ap aji avèk mechanste,
ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.
13Se kilès ki te #Job 38:4bay Li otorite sou latè?
Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?
14Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta #Sòm 104:29ranmase tout a Li menm
pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,
15Tout #Jen 7:21chè ta peri ansanm,
e lòm ta #Job 10:9 retounen nan pousyè.
16“Men si gen moun bon konprann, koute sa a;
koute vwa pawòl mwen yo.
17Èske menm #II Sam 23:3yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?
Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,
18ka p di a yon wa: ‘Sanzave’,
a prens yo: ‘Nou mechan’;
19Ki p ap montre #I Pi 1:17patipri a prens yo,
ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,
paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.
20Nan yon moman, yo mouri;
epi #Egz 12:29nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.
Pwisan yo disparèt.
Yo retire san yon men leve.
21“Paske #Pwov 15:3zye Li sou chemen a yon nonm.
Li wè tout pa li fè.
22Nanpwen #Sòm 139:11-12fènwa, ni lonbraj fonse
kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.
23Paske Li pa #Job 11:11bezwen obsève yon nonm anpil
pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.
24Li kraze #Job 12:19moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,
e mete lòt moun nan plas yo.
25Se konsa, Li #Job 34:11konnen zèv yo.
Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.
26Li #Sòm 9:5frape yo tankou mechan
nan yon kote pou tout moun wè,
27Akoz yo #I Sam 15:11vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;
28akoz yo te fè #Job 35:9kri a malere a rive kote Li.
Li te tande kri a aflije yo.
29Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?
Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?
Li pli wo ke nasyon, ni lòm,
30pou #Job 5:15 anpeche moun ki san Bondye yo vin
reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.
31“Paske èske nenpòt kon di Bondye,
‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;
32enstwi mwen sa ke m pa wè.
Si mwen te #Job 33:27fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?
33Èske Li va #Job 41:11rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?
Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.
Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.
34Moun ak bon konprann va di mwen,
oswa yon nonm saj ki tande m va di:
35‘Job #Job 35:16pale san konesans;
pawòl li yo san sajès.
36Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,
jis rive nan tout limit li,
akoz li reponn #Job 22:15tankou moun mechan yo.
37Paske li ogmante #Job 23:2rebelyon sou tout lòt peche l yo.
Li bat men li pami nou,
e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”

Chwazi Kounye ya:

Job 34: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte