Job 36
36
1Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
2Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou;
jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
3M ap prale chache lespri m soti byen lwen;
mwen va fè prèv #Job 8:3ladwati a Kreyatè mwen an.
4Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo.
Yon ki pafè nan #Job 37:16konesans se avèk ou.
5Gade byen, Bondye pwisan, men li pa #Sòm 22:24meprize pèsòn;
Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
6Li pa konsève lavi a mechan yo,
men Li bay jistis a #Job 5:15aflije yo.
7Li pa #Sòm 33:18retire zye Li sou moun ladwati yo;
men avèk wa ki chita sou twòn yo,
li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
8Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd #Job 36:15-21aflije yo,
9konsa, Li fè yo konnen travay yo,
ak transgresyon yo;
ke yo te leve tèt yo wo ak orgèy.
10 #
Job 33:16
Li ouvri zòrèy yo pou yo ka instwi,
e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
11Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans,
e ane pa yo va #Sòm 16:11 ranpli ak rejwisans.
12Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe;
yo va #Job 4:21mouri san konesans.
13Men enkwayan yo ranmase lakòlè;
yo refize kriye sekou lè L mare yo.
14Yo mouri nan jenès yo,
e lavi yo vin pèdi pami #Det 23:17pwostitiye tanp yo.
15Li delivre aflije yo nan afliksyon yo,
e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
16Wi, anverite Li t ap #Os 2:14 mennen ou
lwen bouch gwo twoub la,
pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit.
Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
17Men ou te ranpli ak #Job 22:5-11jijman sou mechan yo;
se jijman ak jistis ki te posede ou.
18Pa kite riches ou mennen ou nan #Jon 4:4-9lakòlè,
ni pa kite gwosè sa a #Job 33:24kap vèse sou tab
fè ou vire akote.
19Èske richès ou yo ta fè ou envite gwo twoub la?
Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
20Pa fè lanvi pou #Job 34:20-25lannwit,
moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
21Fè atansyon; #Job 36:10pa vire kote mal la,
paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
22Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li.
Ki #Job 35:11pwofesè ki tankou Li?
23Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an?
Epi kilès ki ka di L #Det 32:4‘Ou antò a?’
24Sonje ke ou dwe #Sòm 92:5leve zèv Li yo wo,
sa yo sou sila moun te konn chante yo.
25Tout moun konn wè sa.
Lòm gade l soti lwen.
26Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li.
#
Eb 1:12 Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
27Konsa, #Sòm 147:8Li rale fè monte gout dlo yo.
Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
28ke nwaj yo fè vide desann.
Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
29Èske pèsòn kab konprann jan #Job 37:11-16nwaj yo vin gaye,
ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
30Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.
Li kouvri fon lanmè yo.
31Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.
Li #Trav 14:17 bay yo manje an gran kantite.
32Li kouvri men Li ak eklè la,
e #Job 37:11-15pase lòd pou l frape sou mak la.
33 #
Job 37:2
Bri li deklare prezans Li;
menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
Chwazi Kounye ya:
Job 36: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith