Job 33

33
1“Malgre sa, koulye a, Job, souple #Job 13:6tande mesaj mwen an
e koute tout pawòl mwen yo.
2Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.
Se lang nan bouch mwen ki pale.
3Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen,
e lèv mwen pale #Job 6:28soti yon kè ki renmen verite a.
4Se #Jen 2:7Lespri Bondye ki te fè m,
e souf Toupwisan an ki ban m lavi.
5 # Job 33:32 Di m se pa sa, si ou kapab.
Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.
6Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.
Mwen menm tou te fèt ak #Job 4:19ajil la.
7Gade byen, se pa #Job 13:21okenn krent mwen gen,
ki ta bay ou laperèz,
ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,
ke ou ta twouve chaj la lou.
8“Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,
e mwen te tande son a pawòl ou yo.
9Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;
mwen inosan e #Job 10:14nanpwen koupabilite nan mwen.
10Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;
Li #Job 13:24kontwole m tankou lènmi.
11Li #Job 13:27mete pye mwen nan sèp;
Li veye tout chemen mwen yo.’
12“Gade byen Job, kite mwen di ou, #Ekl 7:20ou pa gen rezon nan sa,
paske Bondye pi gran ke lòm.
13Poukisa ou #Job 40:2plenyen kont Li
ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?
14Anverite, #Job 33:29Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,
men pèsòn pa okipe sa.
15Nan yon #Job 4:12-17rèv, yon vizyon nan nwit la,
lè dòmi pwofon kon tonbe sou lòm,
pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16konsa, #Job 36:10-15Li ouvri zòrèy a lòm
e mete so sou enstriksyon yo,
17pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li
e anpeche li fè ògèy.
18Konsa, Li #Job 33:22-30pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la
e lavi li pou l pa lantre #Job 15:22nan Sejou Lanmò a.
19“Lòm, anplis, resevwa chatiman #Job 30:17doulè sou kabann li;
avèk plent san rete jis rive nan zo li;
20jiskaske lavi li vin #Job 3:24rayi pen,
e nanm li, manje ke li te pi renmen an.
21 # Job 16:8 Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l
e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.
22 # Job 33:18-28 Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a
e lavi li pwoche sila kap detwi yo.
23“Si gen yon zanj pou ta #Jen 40:8entèsede pou li,
se tankou youn nan yon milye,
ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,
24konsa, Bondye fè l gras. Li di l:
‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,
Mwen te twouve yon #Job 36:18racha.’
25Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.
Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.
26Konsa, li va #Job 22:27priye a Bondye,
e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plèn ak jwa.
Se konsa, Li restore ladwati a lòm.
27Li va chante devan lèzòm. Li va di:
“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,
e li pa t bon pou mwen.
28Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,
e lavi m #Job 22:28va wè limyè a.’
29“Gade byen, Bondye konn fè #Ef 1:11tout bagay
sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,
30pou #Job 33:18mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a,
pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.
31Prete atansyon, O Job, koute m byen;
rete an silans e kite mwen pale.
32Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;
pale, paske mwen vle ba ou rezon.
33Men si non, koute mwen;
rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”

Chwazi Kounye ya:

Job 33: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte