Job 32
32
1Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te #Job 10:7dwat nan pwòp zye pa li. 2Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, #Jen 22:21Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye. 3Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job. 4Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li. 5Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.
6Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di:
“Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou #Job 15:10granmoun.
Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.
7Mwen te reflechi ke se #Job 8:8-9laj ki te dwe pale,
ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.
8Men se yon lespri ki nan lòm,
e se souf a Toupwisan an ki bay yo bon#Job 38:36konprann.
9Anpil ane pa vle di saj,
ni pa fwa, se pa #Job 32:7granmoun ki konprann sa ki dwat.
10Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen;
mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’
11“Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo.
Mwen te koute byen rezonman pa nou yo,
pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.
12Menm mwen te swiv nou byen pre;
anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job.
Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.
13Pran atansyon nou pa di: #Jr 9:23‘Nou jwenn sajès.
Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’
14Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm,
ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.
15“Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò.
Yo pa gen mo ki pou di.
16Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale?
Akoz yo rete e pa reponn ankò?
17Mwen menm tou va reponn pou kont mwen,
mwen osi va bay pozisyon pa m.
18Paske mwen chaje ak pawòl.
Lespri m anndan mwen bourade m.
19Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire;
tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.
20Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman;
kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.
21Alò, pa kite mwen #Lev 19:15pran pati a okenn moun,
ni flate pèsòn.
22Paske mwen pa konn flate moun,
sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”
Chwazi Kounye ya:
Job 32: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith