Job 31
31
1“Mwen te fè yon akò ak #Mat 5:28zye m;
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
2Paske se kisa ki #Job 20:29pòsyon Bondye soti anwo a,
ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
3Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,
ak yon dezas pou #Job 34:22sila ki fè inikite yo?
4Èske Li pa #II Kwo 16:9wè chemen mwen yo
e kontwole tout pa mwen yo?
5“Si mwen te #Job 15:31mache nan sa ki fo,
e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
6(kite Li #Job 6:2-3peze mwen nan yon balans ki jis
e kite Bondye konnen entegrite m).
7Si pa m yo te #Job 23:11vire kite chemen an,
oswa kè m te swiv zye m,
oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
8kite mwen #Lev 26:16simen pou yon lòt ta manje,
e kite tout sa m plante vin rache.
9“Si kè m te #Job 24:15sedwi pa yon fanm,
oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
10kite madanm mwen graje pou yon lòt
e kite #Det 28:30lòt yo vin kouche sou li.
11Paske sa ta yon krim #Lev 20:10sansyèl;
anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
12Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan #Job 26:6 Sejou Lanmò yo
e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
13Si mwen te #Det 24:14-15refize demand esklav mwen an,
gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
14alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?
Konsa, lè L rele m pou jijman,
ki repons mwen ta kab bay Li?
15Èske #Job 10:3Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?
Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
16Si mwen te #Job 5:16anpeche malere yo nan dezi yo,
oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
17oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen
san #Job 29:12 òfelen an pa jwen ladann,
18(Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l
e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
19si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,
oswa ke #Job 24:4sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
20si kè li pa t beni m,
si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
21si mwen te leve men m kont #Job 29:12òfelen an,
akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
22alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,
e #Job 38:15bra m kase soti nan zo li.
23Paske m pè anpil malè Bondye a.
Li tèlman gran ak #Job 13:11majeste,
m pa ka fè anyen devan L.
24Si se nan #Job 22:24lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25Si mwen te #Job 1:3-10rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26si mwen te #Det 4:19gade solèy la lè l t ap brile,
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27epi kè m te vin sedwi an sekrè,
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28sa osi ta yon inikite ki merite jijman,
paske mwen t ap #Jos 24:27abandone Bondye anwo a.
29Èske mwen te #Pwov 17:5rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?
Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30Non, #Sòm 7:4mwen pa t kite bouch mwen peche,
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31Èske mesye nan tant mwen yo pa t di:
‘Ou pa p twouve yon moun ki pa #Job 22:7satisfè ak vyann pa li a?’
32Etranje a pa t rete deyò;
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33Èske m te #Jen 3:10kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34akoz mwen te #Egz 23:2krent gwo foul la?
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!
Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!
Mennen pwosè vèbal ke #Job 27:7akizè a te ekri.
36Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.
Tankou #Job 1:3yon prens mwen ta parèt devan L.
38Si menm #Job 24:2teren mwen an rele kont mwen,
e tout tranch li yo kriye ansanm;
39si mwen te manje fwi li san lajan,
oswa te #I Wa 21:19kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
40kite #Job 32:13pikan yo grandi olye ble
e zèb santi fò ranplase lòj la.”
Pawòl yo a Job se fini.
Chwazi Kounye ya:
Job 31: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith