Job 30

30
1Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap #Job 12:4giyonnen m.
Papa a sila mwen pat ta dakò pou
mete ansanm ak chen bann mouton yo.
2Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m?
Gwo fòs te deja disparèt nan yo
3akoz mank bagay ak grangou.
Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
4Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la.
Manje yo se rasin bayawonn.
5Yo chase yo deyò lavil la nan dezè;
yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
6jiskaske yo vin rete nan move ravin yo,
nan twou tè ak nan wòch yo.
7Pami rak tibwa yo, yo rele fò.
Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
8Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo,
yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
9Men koulye a, se mwen menm yo pase nan #Job 12:4rizib;
mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
10Yo pè m, yo kanpe lwen m,
e yo pa sispann #És 50:6krache nan figi m.
11Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,
yo #Sòm 32:9rete retire brid la nèt devan m.
12Sou men dwat lan, nich sa vin leve.
Yo #Sòm 140:4-5rale pye mwen akote.
Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13Yo #És 3:12gate wout mwen.
Yo bourade lachit mwen
san mande sekou.
14Tankou nan yon gran brèch, yo parèt;
nan mitan tanpèt, yo woule m.
15 # Job 3:25 Gwo perèz yo vin vire kont mwen.
Yo tanmen gate respè m tankou van.
Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
16Konsa, koulye a #Sòm 42:4nanm mwen vide nèt.
Jou afliksyon yo sezi m.
17Nan lannwit, #Job 30:30zo m yo frennen anndan m,
e sa yo kap manje m pa pran repo.
18Ak gwo fòs, vètman m vin #Job 2:7tòde sou mwen.
Li mare m nèt tankou kolye manto m.
19Li te jete mwen nan #Sòm 69:2-14labou,
e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20Mwen #Job 19:7kriye a Ou menm pou sekou,
men Ou pa reponn mwen.
Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
21Ou vin okipe m ak mechanste.
Avèk fòs a men Ou, Ou #Job 16:9-14pèsekite m.
22Ou #Job 9:17leve m wo sou van, e fè m monte;
epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
23Paske mwen konnen ke Ou ap #Job 9:22mennen m a lanmò,
jis rive nan gwo #Ekl 12:5kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
24Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l?
Oswa nan gwo pwoblem li pa #Job 19:7kriye sekou?
25Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou #Job 24:4malere a?
26Lè m #Job 3:25-26t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27Kè m twouble nèt #Lam 2:11anndan m.
Mwen pa kab poze.
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28Mwen fè dèy toupatou san solèy.
Mwen kanpe nan asanble;
mwen #Job 19:7rele sekou.
29Mwen te vin frè ak #Sòm 44:19chen mawon,
zanmi ak otrich la.
30Chè m vin nwa sou mwen,
li kale, e #Sòm 102:3 zo m yo brile ak lafyèv.
31Pou sa, #És 24:8 se doulè ap mwen jwe,
e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.

Chwazi Kounye ya:

Job 30: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte