Job 27
27
1Alò, Job te kontinye #Job 13:12diskou li. Li te di:
2Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,
Toupwisan#Job 9:18ki te fè m gen nanm anmè a,
3paske tan lavi toujou nan mwen.
#
Job 32:8
Souf Bondye la nan nen m.
4Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,
ni #Job 6:28lang mwen pa p pale manti.
5Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.
Jiskaske m mouri, #Job 6:29mwen p ap lage entegrite m.
6Mwen #Job 2:3kenbe fèm a ladwati mwen.
Mwen p ap lage l menm.
Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.
7“Kite lènmi m kapab tankou mechan a.
Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.
8Paske ki #Job 8:13espwa sila ki san Bondye a genyen
lè l koupe retire nèt,
lè Bondye fè l oblije bay lavi li?
9Èske Bondye va tande kri li lè #Pwov 1:27malè rive li?
10Èske li va #Sòm 37:4pran plezi nan Toupwisan an?
Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?
11Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye.
Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.
12Gade byen, nou tout gen tan wè sa.
Ebyen, poukisa nou aji nan foli?
13“Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye,
ak eritaj ke #Job 15:20 mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.
14Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe.
Konsa, #Job 20:10desandan li yo ap toujou manke pen.
15Sila ki swiv li yo va antere nan lamò
e #Sòm 78:64vèv li yo p ap kriye pou li.
16Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè
e prepare vètman anpil tankou ajil,
17li kab prepare l, #Job 20:18-21men se moun ladwati yo k ap mete li,
se inosan yo k ap divize ajan an.
18Li te bati #Job 8:15kay li tankou papiyon,
oswa tankou kay poto gadyen te fè.
19Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò;
li ouvri zye li, men #Job 7:8-10li pa la.
20 #
Job 15:21
Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv.
Yon move tan vole retire l pandan lannwit.
21Van lès la pote l ale e li pati.
Li fè l vire tounen #Job 7:10 kite plas li.
22Paske l ap plonje sou li san epanye,
pandan li eseye #Job 11:20 envite l chape nan men l.
23Pèp la va bat men yo sou li.
Yo va #Job 18:18sifle sou li kon koulèv,
pou li kite plas li a.”
Chwazi Kounye ya:
Job 27: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith