Job 28

28
1Anverite, gen yon min pou ajan
e yon plas pou rafine lò.
2Fè retire nan pousyè a
e kwiv la fonn soti nan wòch la.
3Lòm fè tenèb la pati,
e rive #Ekl 1:13jis nan dènye limit lan.
Li chache twouve wòch kap kache a,
ak nan pwofon fènwa.
4Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete,
kote ki bliye nèt pa pye moun.
Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
5Pou tè a, depi nan li, manje sòti,
men anba, li boulvèse tankou dife.
6Wòch li se sous a pyè safi yo.
Epi nan pousyè li, genyen lò.
7Chemen li pa rekonèt pa koukou,
ni zye grigri pa janm wè l.
8Bèt pi fewòs yo pa mache la,
ni lyon pa pase sou li.
9Li mete men li sou wòch silèks la.
Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
10Li kreve kanal ki pase nan wòch yo,
e zye li wè tout sa ki presye.
11Li bouche flèv yo pou dlo pa koule
e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
12“Men se #Job 28:23-28kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la?
13 # Mat 13:44-46 Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
14Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15 # Pwov 3:13-14 Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
16Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì.
17 # Pwov 8:10 Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
18Koray ak kristal, bliye sa nèt.
Posede #Pwov 8:11sajès se pi wo ke pèl.
19Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l;
ni li pa kab valorize an #Pwov 8:19lò pi.
20E byen, #Job 28:23-28se kibò sajès la sòti?
Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
21Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo
e kache menm a zwazo syèl yo.
22 # Job 26:6 Labim nan ak lanmò a pale:
‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
23 # Job 9:4 Bondye konprann chemen li
e Li konnen plas li.
24“Paske Li #Sòm 11:4chache jis rive nan dènye pwent latè
e wè tout bagay anba syèl yo.
25Lè L te bay #Sòm 135:7pwa a van an
e te #Job 38:8-11divize dlo yo pa mezi,
26Lè L te etabli yon #Job 37:6-12limit pou lapli
e yon chemen pou kout eklè,
27Li te wè l e Li te deklare li.
Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
28Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, #Pwov 9:10lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”

Chwazi Kounye ya:

Job 28: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte