Job 26
26
1Epi Job te reponn:
2Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!
Kèl sekou ou te bay a bra ki te #Sòm 71:9san fòs la!
3Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
4Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm?
5 #
Job 3:13
Lespri mò yo tranble anba dlo yo
avèk tout sila ki rete ladann yo.
6Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye.
#
Job 28:22 Labim nan pa gen kouvèti.
7Li #Job 9:8lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen pap kenbe l.
8Li #Job 37:11vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
9Li fè #Job 22:14kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
10Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou #Job 38:19-24limit tenèb la ak limyè a.
11Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
12Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize #És 51:15Rahab.
13Ak souf Li, li dekore #Job 9:8syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
14Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
Chwazi Kounye ya:
Job 26: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith