Job 19

19
1Epi Job te reponn:
2Pou konbyen de tan, nou va toumante m,
e kraze mwen avèk pawòl yo?
3Dis fwa sa yo nou te ensilte m;
nou pa menm wont fè m tò.
4Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
5Si anverite nou vin #Sòm 35:26ògeye kont mwen,
e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
6alò, konnen byen ke #Job 16:11Bondye te fè m tò,
e te fèmen #Lam 1:13pèlen Li an antoure mwen.
7“Gade byen, #Job 30:20-24mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.
Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
8Li te #Job 3:23bare chemen mwen pou m pa kab pase,
e Li te mete fènwa sou pa m yo.
9Li te retire lonè sou mwen e
te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
10Li #Job 12:14kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;
Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
11Anplis, Li te #Job 16:9limen lakòlè Li kont mwen
e te #Job 13:24 konsidere m kon lènmi Li.
12Lame Li a vin rasanble pou
# Job 30:12 bati chemen pa yo kont mwen.
Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
13“Li te retire frè m yo byen lwen mwen
e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
14Fanmi mwen yo vin fè fayit
e pi pwòch #Job 19:19zami m yo te bliye m.
15Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo
konsidere m kon yon etranje.
Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
16Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;
mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
17Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,
e mwen vin abominab a pwòp frè m.
18Timoun yo meprize mwen.
Mwen leve e yo pale kont mwen.
19Tout #Sòm 38:11asosye m yo etone ak krent devan m.
Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
20 # Sòm 102:5 Zo m yo kole sou po m ak chè m;
se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
21“Gen pitye pou mwen, gen pitye,
O nou menm ki zanmi mwen yo,
paske #Job 1:11men Bondye vin frape mwen.
22Poukisa n ap #Job 13:24-25pèsekite mwen menm tankou Bondye
e pa satisfè ak chè mwen.
23O ke pawòl mwen yo te ekri!
O ke yo te #És 30:8enskri nan yon liv!
24Ke avèk pwent plim ak plon,
yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
25Men pou mwen, mwen konnen ke #És 43:14Redanmtè mwen an vivan.
Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
26Menm lè po m fin detwi,
malgre chè m fin sòti,
mwen va #I Kor 13:12wè Bondye nan chè a;
27ke mwen, mwen menm va wè,
ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.
“Kè m #Sòm 73:26vin fèb anndan m.
28Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’
pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’
29fè lakrent #Job 15:22nepe a pou kont nou,
paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.
Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

Chwazi Kounye ya:

Job 19: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte