Job 18

18
1Epi Bildad, Shuach la te reponn:
2“Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
3Poukisa nou #Sòm 73:22gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
4O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
5“Anverite, #Job 21:17limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
6Limyè nan tant li an vin #Job 12:25fènwa,
e lanp li etenn sou li.
7Gran pa dyanm li yo vin kout,
e #Job 15:6pwòp manèv li a vin desann li.
8Paske li #És 24:17-18tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou file a.
9Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
10Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
11Patou #Job 15:21laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
12Fòs li vin #És 8:21epwize e gwo dega parèt akote li.
13Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a #Za 14:12devore manm kò li yo.
14Li #Job 8:22fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
15Anyen pa rete nan tant li ki pou li;
# Sòm 11:6 souf gaye toupatou sou abitasyon li.
16 # Mat 4:1 Rasin li vin sèch anba li,
e #Job 15:30-32 branch li fin koupe pa anwo.
17 # Sòm 34:16 Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
18Li bourade pouse lwen limyè a pou rive #Job 5:14nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
19Li pa gen ni #Job 27:14-15desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
20Sila nan lwès yo vin revòlte de #Jr 50:27desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
21Anverite, se konsa #Job 21:28abitasyon a mechan yo ye a.
Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”

Chwazi Kounye ya:

Job 18: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte