Job 20
20
1Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:
2“Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons,
menm akoz tout anndan m tèlman ajite.
3Mwen tande #Job 19:3repwòch ki fè m wont.
Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.
4Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan #Job 8:8tan ansyen an,
depi lòm te mete sou latè,
5Ke #Sòm 37:35-36viktwa a mechan yo kout,
e #Job 8:13jwa a enkwayan an se pou yon moman?
6Malgre wotè li ta #És 14:13-14rive nan syèl la,
pou tèt li ta touche nwaj yo,
7l ap #Job 4:20peri nèt tankou fatra.
Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’
8Li vole ale tankou yon #Sòm 73:20rèv, e yo pa kab jwenn li.
Menm tankou yon rèv lannwit, li fin #Job 27:21-23chase ale.
9 #
Job 7:8
Zye ki te wè l la pa wè l ankò,
e plas li a pa gade li ankò.
10 #
Job 5:4
Fis li yo fè byen pou malere yo,
e men yo #Job 27:16-17remèt byen li yo.
11 #
Job 21:23-24
Zo li yo plen ak fòs jenès li,
men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.
12“Sepandan, #Job 15:16mechanste dous nan bouch li
e li kache li anba lang li,
13Li pito mal la, e refize lage l,
men kenbe li #Nonb 11:18-23nan bouch li,
14men manje nan vant li vire.
Li tounen pwazon vipè anndan l.
15Li te vale richès,
men #Job 20:10-21vomi fè yo retounen vin parèt.
Bondye va fè yo sòti nan vant li.
16Li souse #Det 32:24-33pwazon koulèv yo;
lang a vipè a kap touye li.
17Li pa gade #Det 32:13-14 dlo yo ankò,
ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.
18Li #Job 20:10-15 remèt sa ke li te pran an.
Li pa kab vale l.
Afè richès a komès li yo,
li pa kab menm rejwi de yo.
19Paske li te #Job 24:2-4 oprime e abandone malere yo.
Li te sezi yon kay ke li pa t bati.
20“Akoz li pa t kab kalme kè l,
li pat kab #Ekl 5:13-14 kenbe anyen nan sa li renmen.
21Anyen pat rete ke li pat devore;
akoz sa a, #Job 15:29 byen li yo pat dire.
22Ranpli ak tout bagay li, li va jennen;
#
Job 5:5
men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.
23Lè li #Job 20:13 plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.
Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.
24Li kapab #És 24:18 sove ale devan zam fèt ak fè a,
men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.
25L ap rale sòti parèt dèyè do li,
menm pwent glise a soti nan fyèl li.
#
Job 18:11-14
Gwo laperèz va parèt sou li.
26Fènwa nèt rezève kon trezò li,
e #Job 15:30 flanm dife san van an va devore li.
Li va manje tout sa ki rete nan tant li an.
27 #
Det 31:28
Syèl yo va revele inikite li
e tè a va leve kont li.
28 #
Det 28:31
Riches lakay li va pati,
posesyon li yo va ale #Job 20:15nan jou kòlè Li a.
29Sa se #Job 27:13 pòsyon a moun mechan
k ap sòti nan men Bondye,
sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”
Chwazi Kounye ya:
Job 20: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith