Job 17

17
1“Lespri m fin kase.
Jou m yo etenn;
tonbo a pare pou mwen.
2 # Job 12:4 Anverite mokè yo avè m,
e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
3“Depoze la koulye a, yon sekirite.
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.
Se kilès ki kab antann avè m?
4Paske Ou te #Job 12:20anpeche kè yo konprann;
pou sa, ou pa p egzalte yo.
5Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,
menm zye pitit li yo va vin gate.
6“Men Li te fè m vin tounen yon #Job 17:2vye pwovèb pou pèp la.
Konsa, yo vin #Job 30:10krache sou figi m.
7Anplis, zye m vin #Job 16:16pa wè klè akoz doulè m,
e tout nanm mwen tankou lonbraj.
8Moun ladwati va byen twouble ak sa,
e #Job 22:19linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
9Malgre, #Pwov 4:18moun dwat la va kenbe chemen li
e #Job 22:30sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
10Men nou tout, retounen;
malgre mwen #Job 12:12pa twouve yon nonm saj pami nou.
11 # Job 7:6 Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,
menm dezi a kè mwen yo.
12Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
13Si mwen chache #Job 3:13Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a #Job 21:26vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
15Alò, koulye a, se kibò #Job 7:6espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
16Èske espwa m va desann avèk mwen
nan Sejou Lanmò yo?
Èske se ansanm n ap #Job 3:17desann nan pousyè a?”

Chwazi Kounye ya:

Job 17: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte