Job 10

10
1 # Job 7:16 “Mwen rayi pwòp lavi m;
mwen va fè tout fòs #Job 7:11plent mwen yo parèt.
Mwen va pale ak anmè ki fonse nan nanm mwen.
2Mwen va di a Bondye: #Job 9:29‘Pa kondane mwen!
Fè m konnen poukisa W ap goumen ak mwen.
3Èske se vrèman bon pou Ou ta #Job 9:22-24oprime;
pou meprize zèv men Ou yo
e pou Ou gade ak favè, manèv a mechan yo?
4Èske zye Ou fèt ak chè? Oswa #I Sam 16:7èske Ou wè
kon yon nonm wè?
5Èske jou Ou yo tankou jou a moun mòtèl,
oswa #Job 36:26ane Ou yo tankou ane a yon nonm,
6pou #Job 14:16Ou ta dwe chache koupabilite mwen
e fè rechèch dèyè peche m?
7Malgre Ou konnen mwen pa koupab,
sepandan, #Job 9:12nanpwen ki ka livre m sòti nan men Ou.’”
8“Se #Sòm 119:73men Ou ki te fòme mwen nèt.
Konsa, #Job 9:22èske Ou ta detwi mwen?
9Sonje, souple, ke Ou te fè m #Job 4:19kon ajil.
Èske Ou ta fè m retounen pousyè ankò?
10Èske se pa tankou lèt ke Ou te vide mwen
e fè m kaye tankou fwomaj?
11Ou te abiye mwen ak po avèk chè
e koude mwen ansanm nan zo ak gwo venn.
12Ou te #Job 33:4ban mwen lavi avèk lanmou dous Ou.
Se swen Ou ki te konsève lespri m.
13Malgre #Job 23:13bagay sila yo, Ou te kache yo nan kè Ou.
Mwen konnen ke sa a se avèk ou:
14si m peche, alò, Ou mete tach sou mwen.
Ou #Job 7:21pa ta akite m de koupabilite mwen.
15Si mwen mechan, malè a mwen!
Epi #Job 6:29si mwen jis, toujou, menm dwe leve tèt mwen.
Mwen chaje ak wont, e byen rekonnesan a mizè mwen.
16Si tèt mwen ta vin leve wo, #És 38:13Ou ta fè lachas
dèyè m tankou yon lyon;
epi ankò, Ou ta montre #Job 5:9pouvwa Ou kont mwen.
17Ou renouvle #Rt 1:21temwayaj Ou kont mwen,
e ogmante kòlè Ou vè mwen.
Dezas monte anwo dezas sou mwen.”
18“Alò, #Job 3:11-13poukisa Ou te fè m sòti nan vant manman m?
Pito ke m te mouri e pa t gen zye ki te wè m!
19Mwen te dwe tankou mwen pa t janm te egziste,
kon yon pote sòti nan vant pou rive nan tonbo.
20Èske jou m yo pa kout?
Rete!
Ralanti sou mwen pou m kab jwenn
yon ti kras kè kontan,
21avan ke m ale—#Sòm 88:12pou mwen pa tounen
nan andwa tenèb ak gwo fènwa!
22Nan peyi sa a ki dezole nèt tankou tenèb la,
nan fon lonbraj san fòm nan, e ki klere tankou fènwa a.”

Chwazi Kounye ya:

Job 10: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte