Job 9
9
1Konsa, Job te reponn. Li te di:
2“Anverite, mwen konnen sa se vrè;
alò, kijan yon #Job 4:17nonm kapab genyen dwa
devan Bondye?
3Si yon moun te vle #Job 10:2diskite avèk Li,
li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
4Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs;
se kilès ki konn #II Kwo 13:2reziste ak Li san donmaj?
5Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen,
lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
6Li #És 2:19souke latè sòti nan plas li,
e fè #Sòm 75:3pilye fondasyon li yo tranble.
7Li kòmande #És 13:10solèy la pou l pa klere
e ki mete yon so sou zetwal yo.
8Se Li menm sèl ki #Sòm 104:2rale lonje syèl yo
e bese vag lanmè yo.
9Li sèl ki fè sou syèl la #Job 38:31-32 gwo Ourse la ak Orion an,
avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
10Li menm ki #Job 5:9fè gwo bagay mèvèy yo,
avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
11Si Li ta vin pase bò kote mwen, #Job 23:8-9mwen pa t ap wè L.
Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
12Gade byen, Li rache retire,
se kilès ki ka anpeche L?
Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
13“Bondye p ap detounen kòlè Li.
Anba Li, byen akwoupi, se asistan a #És 30:7Rahab yo.
14Kijan #Job 9:3-32mwen kab reponn Li,
e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
15Paske malgre mwen te gen rezon,
mwen pa t kab reponn.
Mwen ta oblije #Job 8:5mande gras a Jij mwen an.
16Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen,
mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
17Paske Li fin #Job 16:12-14brize m nèt ak yon tanpèt,
e ogmante blese mwen yo san koz.
18Li #Job 7:19pa lèse m pran souf,
men fè m debòde ak #Job 13:26sa ki anmè.
19Men #Job 9:4pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs!
Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye
pwosè vèbal bay Li menm?
20Malgre mwen dwat, #Job 9:29bouch mwen ap kondane m;
malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
21Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm;
mwen #Job 7:16rayi lavi m.
22“Tout se menm bagay.
Akoz sa mwen di #Job 10:7-8 Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
23Si frèt la vin touye sibitman,
l ap #Job 24:12moke dezolasyon inosan an.
24Ak lemonn nan #Job 10:3 ki sede nan men a mechan yo,
Li fin #Job 12:17kouvri figi a jij latè yo.
Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
25“Alò, #Job 7:6jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous;
Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
26Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan #És 18:2wozo,
tankou yon #Hab 1:8èg ki vole plonje sou viktim li.
27Malgre mwen di ke m va bliye #Job 7:11plent mwen,
ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
28mwen krent tout doulè mwen yo.
Mwen konnen ke #Job 7:21Ou p ap bliye fot mwen yo.
29Mwen gen tan fin jije #Job 10:2koupab.
Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
30Si m ta #Jr 2:22lave m nèt ak lanèj,
e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
31malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la,
e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
32Paske #Ekl 6:10Li pa yon nonm kon mwen, #Wo 9:20 pou m ta reponn Li,
pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
33Nanpwen moun ki pou #Job 9:19fè antant antre nou,
ki ta kab mete men l sou nou toulède.
34Kite Li #Job 13:21 retire baton Li sou mwen,
e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
35Konsa, mwen #Job 13:22ta pale san fè laperèz devan L;
men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
Chwazi Kounye ya:
Job 9: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith