Job 11
11
1Epi Tsophar, Naamatit la, te reponn:
2“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons?
Eske yon nonm #Job 8:2pale anpil vin akite?
3Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale?
Lè ou #Job 17:2moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
4Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot,
e #Job 10:7mwen inosan nan zye Ou.’
5Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
6pou montre ou sekrè a sajès!
Paske sajès ki bon #Job 9:4gen de bò.
Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije
tout sa inikite ou merite.
7 #
Job 33:12-13
“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye?
Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
8Yo #Job 22:12wo tankou syèl la; kisa ou kab fè?
Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
9Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble,
#
Job 9:12
kilès kap anpeche Li?
11Paske #Job 34:21-23Li konnen moun ki fò,
e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12Yon moun ensanse va vin entèlijan
lè pòtre a yon #Job 39:5bourik mawon fèt kon yon moun.
13“Si ou ta vle vin bon,
#
I Sam 7:3
dirije kè ou e #Sòm 88:9lonje men ou vè Li.
14Si se inikite ki nan men ou, #Job 22:23mete l byen lwen.
Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15Konsa, anverite, ou ta kab #Job 22:26leve figi ou wo san tach.
Wi, ou va fidèl nèt e #Sòm 27:3 pa oblije gen lakrent.
16Konsa ou va #És 65:16bliye twoub ou a.
Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase.
Se konsa ou ta kab sonje li.
17Lavi ou va #Job 22:26pi klè ke midi;
malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa.
Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19Ou va #So 3:13kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou.
Wi, anpil moun va #És 45:14 mande favè ou.
20Men #Det 28:65zye a mechan yo va gate,
e #Job 27:22 p ap gen chape pou yo.
Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Chwazi Kounye ya:
Job 11: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith