Jenèz 46

46
1Epi Israël te pati avèk tout sa li te genyen. Li te vini #Jen 21:31Beer-Schéba e te ofri sakrifis a Bondye a papa li a, Isaac.
2Bondye te pale avèk Israël nan vizyon nan nwit lan. Li te di: #Jen 22:11 “Jacob, Jacob.”
Jacob te reponn: “Men mwen isit la.”
3Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va #Egz 1:9fè nou vin yon gran nasyon la. 4#Jen 28:15 Mwen va desann avèk nou an Égypte. Mwen va anplis, an verite, fè nou monte ankò. Epi se men Joseph ki va fèmen zye ou.”
5Alò, Jacob te leve kite Beer-Schéba. Fis Israël yo te pote papa yo, Jacob, ak pitit pa yo, ak madanm yo nan #Jen 45:21cha ke Farawon te voye pou pote yo. 6Yo te pran tout bèt yo avèk tout byen yo, ke yo te vin gen nan peyi Canaan an, e yo #Det 26:5te vini an Égypte, Jacob avèk tout desandan li yo, ansanm 7avèk fis li yo, fis a fis li yo, fi li yo avèk fi a fis li yo, ak tout desandan li yo. Li te mennen tout desandan avèk li, ale an Égypte.
8Alò, sa yo se #Egz 1:1-4non a fis a Israël yo, Jacob avèk fis li yo ki te ale an Égypte: Reuben, premye ne a Jacob la.
9Fis Reuben yo: Hénoc, Pallu, Hetsron, ak Carmi.
10 # Egz 6:15 Fis Siméon yo: Jemuel, Jamin, Ohad, Jakin avèk Tsochar; e Saul, fis a yon fanm Kananeyen.
11 # I Kwo 6:1 Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.
12Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. #Jen 38:3,4,5; I Kwo 2:5Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.
13Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.
14Fis a Zabulon yo: Séred, Élon avèk Jahleel.
15Sila yo se fis a Léa yo, ke li te fè pou Jacob nan Paddan-Aram, avèk fis li, Dina; tout fis li yo ak fi li yo te vin monte a trant-twa.
16 # Nonb 26:15-18 Fis a Gad yo: Tsiphjon, Haggi, Schuni, Etsbon, Éri, Arodi avèk Areéli.
17Fis Aser yo: Jimna, Jischva, Jischvi, ak Beria; e sè yo, Sérach.
Epi fis Beria yo: Héber avèk Malkiel. 18Sila yo se fis a Zilpha, sila ke Laban te bay a fi li Léa a; epi li te fè pou Jacob sèz moun sa yo.
19Fis a Rachel yo, madanm a Jacob la: Joseph avèk Benjamin.
20Alò, a #Jen 41:50-52Joseph nan peyi Égypte la, te ne Manassé ak Éphraïm, ke Asenath, fi a Poti-Phéra a, prèt On an te fè pou li.
21 # I Kwo 7:6 Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.
22Sila yo se fis a Rachel yo, ki te fèt a Jacob; te gen katòz moun antou.
23Fis a Dan yo: Huschim.
24Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.
25Sila yo se #Jen 30:5-7fis a Bilha yo, ke #Jen 29:29Laban te bay a fi li, Rachel, e li te fè sa yo pou Jacob; te gen sèt moun antou.
26 # Egz 1:5 Tout moun ki te pou Jacob yo te vini an Égypte, desandan ki te sòti dirèk sou li menm yo, san kontwole madanm a fis Jacob yo te swasant sis moun antou.
27Fis a Joseph ki te fèt pou li an Égypte yo te de. #Det 10:22Tout moun lakay Jacob ki te vini an Égypte yo te swasann-dis.
28Alò, li te voye Juda devan li vè Joseph, pou montre li chemen an devan l nan #Jen 45:10Gosen, epi yo te vini nan peyi Gosen. 29Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li #Jen 45:14-15te kriye nan kou li pandan anpil tan.
30Konsa Israël te di a Joseph: “Koulye a kite mwen mouri, paske mwen gen tan wè figi ou, ke ou toujou vivan.”
31Joseph te di a frè l yo e a lakay papa li: #Jen 47:1“Mwen va monte pou pale ak Farawon, e mwen va di li: ‘Frè m yo avèk lakay papa m, ki te nan peyi Canaan an vin kote mwen. 32Mesye sa yo se bèje, paske yo te konn okipe bèt. E yo te mennen bann mouton pa yo avèk twoupo pa yo, ak tout sa yo posede.’
33“Lè Farawon rele nou e di: #Jen 47:2-3‘Kisa nou fè kòm metye.’ 34Nou va di: ‘Sèvitè ou yo ap okipe bèt depi lè nou te jenn jis rive koulye a, ni nou menm, ni papa nou yo,’ pou nou kapab viv nan peyi Gosen; paske tout bèje se yon abominasyon pou Ejipsyen yo.” #Jen 13:7-8; Jen 45:10-18

Chwazi Kounye ya:

Jenèz 46: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte