Jenèz 45

45
1Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li #Trav 7:13 lè Joseph te revele li menm a frè l yo. 2#Jen 45:14,15Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.
3Alò, Joseph te di a frè li yo: #Trav 7:13 “Mwen se Joseph! Èske papa m toujou vivan?” Men frè l yo pa t kapab reponn li, paske yo te plen de gwo perèz akoz prezans li.
4Alò, Joseph te di a frè li yo: “Souple, vin pi pre m.” Epi yo te vin pi pre. Li te di: “Mwen se frè nou, Joseph, ke nou te vann pou ale an Egypte la.#Jen 37:28 5Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske #Jen 45:7-8 Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou. 6Paske gwo grangou a te nan peyi sa pou #Jen 37:2dezane sa yo, e gen senk an toujou ki p ap gen ni raboure tè ni rekòlt. 7#Jen 45:5Bondye te voye m devan nou pou prezève yon retay sou latè, e pou kenbe nou vivan pa yon gwo delivrans.
8“Alò, pou sa, se pa te nou ki te voye m isit la, men Bondye. Li te fè m yon #Jij 17:10papa pou Farawon, mèt pou tout lakay li, e gouvènè sou tout peyi Égypte la.
9“Fè vit, monte vè papa m pou #Trav 7:14 di l: ‘Se konsa ke fis ou a, Joseph pale: “Bondye gen tan fè m mèt pou tout Égypte la. Fè vit, vin desann kote mwen, e pa mize.” 10Nou va viv nan peyi Gosen an, e nou va pre mwen, nou menm avèk pitit nou yo, pitit a pitit nou yo, bann mouton nou yo, avèk twoupo nou yo, ak tout sa ke nou genyen.’” #Jen 46:28,34 11La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.
12Gade byen, zye nou wè, e zye a frè m nan Benjamin wè, ke se pwòp bouch mwen k ap pale ak nou. 13Koulye a nou gen pou di papa m tout richès mwen gen an Égypte, ak tout sa nou te wè. Nou gen pou prese #Trav 7:14 mennen papa m desann isit la.”
14Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.#Jen 45:2 15Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.
16Alò, lè #Trav 7:13 nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo. 17Epi Farawon te di a Joseph: “Pale a frè ou yo, ‘Men sa pou fè; chaje bèt nou pou ale nan peyi Canaan. 18Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, #Jen 27:28mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”
19“Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran #Jen 45:21-27 cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini. 20Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”
21Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo #Jen 45:19cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la. 22A yo chak, li te bay echanj abiman, men a Benjamin li te bay twa san pyès an ajan, ak #II Wa 5:5; Jen 43:34senk echanj abiman. 23A papa li, li te voye kòm swivan: dis bourik chaje avèk pi bon bagay Égypte kab pwodwi, dis bourik femèl chaje avèk sereyal ak pen, ak nouriti pou papa l nan vwayaj la. 24Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”
25Alò yo te kite Égypte monte, e yo te vini nan peyi Canaan kote papa yo, Jacob.
26Yo te pale li, e yo te di li konsa: “Joseph toujou vivan! Vrèman, li se Gouvènè tout peyi Égypte la!” Men kè Jacob te febli. #Jen 37:31-35Li pa t kwè yo. 27Yo te di li tout pawòl ke Joseph te pale yo. Men lè li te wè #Jen 45:19cha yo ke Joseph te voye pou mennen li an, lespri papa yo, Jacob, te remonte.
28Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”

Chwazi Kounye ya:

Jenèz 45: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte