Jenèz 47

47
1Konsa, #Jen 46:31Joseph te antre pou pale ak Farawon. Li te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an. Epi gade byen, yo nan peyi #Jen 45:10Gosen.” 2Li te pran senk mesye pami frè li yo, e li te #Trav 7:13 prezante yo bay Farawon.
3Alò, Farawon te di a frè li yo: #Jen 46:33 “Ki metye nou?”
Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.” 4Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”#Jen 43:1
5Konsa, Farawon te di a Joseph: “Papa ou avèk frè ou yo te vin kote ou. 6Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan #Jen 45:10-18 pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”
7Epi Joseph te mennen papa li, Jacob. Li te prezante li bay Farawon, epi Jacob te #II Sam 14:22beni Farawon. 8Farawon te di a Jacob: “Konbyen ane ou gen tan viv?”
9Konsa, Jacob te di a Farawon: “Lane lavi m yo sou latè se san-trant. Pa anpil, e degoutan se te ane lavi m yo. Ni yo pa menm fòs avèk #Jen 25:7lane ke zansèt mwen yo te viv pandan jou lavi pa yo.” 10Konsa, Jacob te #Jen 47:7beni Farawon, e li te sòti nan prezans li.
11Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon teren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote #Egz 1:11Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a. 12Joseph te #Jen 45:11founi papa li ak frè li yo, avèk tout lakay li avèk manje, selon fòs kantite pitit pa yo. 13Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke #Jen 41:30peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.
14 # Jen 41:56 Joseph te ranmase tout lajan ki te twouve nan peyi Égypte la, ak nan peyi Canaan pou sereyal ke yo te achte a, e Joseph te pote lajan an lakay Farawon. 15Lè tout lajan an te fin depanse nan tout peyi Égypte la, ak tout peyi Canaan an, tout Ejipsyen yo te vin vè Joseph, e te di li: “Bannou manje, paske #Jen 47:19pou ki rezon nou ta dwe mouri nan prezans ou? Paske lajan nou fini.”
16Alò, Joseph te di: “Bay bèt nou yo, e mwen va bannou manje pou bèt yo, paske kòb nou gen tan fini.” 17Epi yo te mennen bèt yo kote Joseph, Joseph te bay yo manje an echanj ak cheval ak bann mouton, twoupo ak bourik. Konsa, li te bay yo manje an echanj ak tout bèt pa yo nan ane sa a.
18Lè ane sa a te fini, yo te vin kote li nan lane pwochèn, e te di li: “Nou p ap kache a mèt nou ke lajan nou fin depanse, e tout twoupo bèt yo se pou mèt nou. Nanpwen anyen ki rete pou mèt la, sof ke kò nou, ak tè nou yo. 19Poukisa nou ta mouri devan zye ou, ni nou menm, ni tè nou yo? Achte nou menm avèk tè nou yo, e nou va vin esklav a Farawon. Epi bannou semans pou nou ka viv, pou nou pa mouri, e pou tè a pa rete vid.” 20Alò, Joseph te achte tout tè an Égypte yo pou Farawon, e chak Ejipsyen te vann tè li, akoz ke gwo grangou a te rèd sou yo. Konsa, tè a te vin pou Farawon. 21Epi pou pèp la, li te deplase yo pou antre nan vil yo, sòti nan yon pwen fwontyè Égypte la, jis rive nan lòt la. 22Se sèl tè prèt yo ke li pa t achte, paske prèt yo te gen yon bous ki te sòti sou Farawon, e yo te viv sou bous ke Farawon te bay yo a. Akoz sa, yo pa t vann tè pa yo a.
23Epi Joseph te di a pèp la: “Veye byen, jodi a mwen te achte nou menm avèk tè nou yo pou Farawon. Men semans lan se pou nou, e nou kapab simen nan tè a. 24Nan rekòlt la, nou va bay yon #Jen 31:24senkyèm a Farawon, e kat senkyèm nan ap rete pou nou pou simen nan tè a pou manje pou nou menm avèk sa ki lakay nou yo, ak pou pitit nou yo.”
25Epi yo te di: “Ou gen tan sove lavi nou! Kite nou twouve favè nan zye a mèt nou, e nou va vin esklav Farawon.”
26Joseph te fè yon règleman selon peyi Égypte la ki valab jis rive jou sa a ke Farawon te gen dwa a yon senkyèm nan. #Jen 47:22Sèl tè a prèt yo ki pa t vin pou Farawon.
27Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo #Det 26:5te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.
28Jacob te viv nan peyi Égypte pandan #Jen 47:9disèt ane'. Pou sa, fòs lavi li te san-karant-sèt ane. 29Lè pou Israël mouri an t ap pwoche. Li te rele fis li, Joseph, e te di li: “Souple, si mwen te twouve favè nan zye ou, koulye a #Jen 24:2plase men ou anba fant janm mwen, e #Jen 24:49aji avèk mwen nan bòn fwa ak tandrès. Souple, pa antere mwen an Égypte, 30men lè m kouche avèk zansèt mwen yo, nou va pote mwen deyò de Égypte, pou antere mwen nan #Jen 23:17-20 plas antèman a yo menm nan.”
Epi Joseph te di: “M ap fè jan ou di m nan.”
31Konsa, li te di: “Sèmante ban mwen.” Epi li te sèmante ba li. Epi #I Wa 1:47Israël te bese pou adore nan tèt kabann nan.

Chwazi Kounye ya:

Jenèz 47: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte