Galat Yo 6

6
1Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki #I Kor 2:15posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2#Wo 15:1Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3Paske #Trav 5:36si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4Men chak moun dwe #I Kor 11:28egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5Paske #Pwov 9:12chak moun va pote pwòp chaj pa l.
6 # I Kor 9:11,14 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
7Pa twonpe tèt nou; #Job 13:9Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men #Wo 8:11sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9Annou pa #I Kor 15:58dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10Alò #Pwov 3:27pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
11Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou #I Kor 16:21avèk pwòp men mwen. 12Sila ki vle #Mat 23:27parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13Paske sila ki sikonsi yo pa menm #Wo 2:25kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e #Wo 6:2,6mwen menm pou mond lan. 15Paske nan Kris Jésus, #Wo 2:26,28sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou #Wo 9:6Israël Bondye a.
17Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m #És 44:5mak a Jésus yo.
18 # Wo 16:20 Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete #II Tim 4:22avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.

Chwazi Kounye ya:

Galat Yo 6: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte