1
Galat Yo 6:9
Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen
BSA
Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
Konpare
Eksplore Galat Yo 6:9
2
Galat Yo 6:10
Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
Eksplore Galat Yo 6:10
3
Galat Yo 6:2
Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli.
Eksplore Galat Yo 6:2
4
Galat Yo 6:7
Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte.
Eksplore Galat Yo 6:7
5
Galat Yo 6:8
Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.
Eksplore Galat Yo 6:8
6
Galat Yo 6:1
Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.
Eksplore Galat Yo 6:1
7
Galat Yo 6:3-5
Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.
Eksplore Galat Yo 6:3-5
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo