Galat Yo 5

5
1 # Jn 8:32,36 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa #Trav 15:1sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou #Wo 2:25kenbe tout Lalwa a. 4Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou #Eb 12:15tonbe kite lagras. 5Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap #Wo 8:23tann esperans ladwati a. 6Paske nan Kris Jésus #I Kor 7:19ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
7Nou t ap #Gal 2:2kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? 8Enfliyans sa a pa t sòti nan #Wo 8:28Sila ki te fè apèl de nou an. 9#I Kor 5:6Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap #Gal 1:7twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou #Gal 6:12pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta #Det 23:1menm chatre pwòp kò yo.
13Paske nou te rele pou libète, frè m yo. #I Kor 8:9Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; #Lev 19:18“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15Men si nou #Gal 5:20mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16Men mwen di nou #Wo 8:4mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17Paske #Wo 8:5lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, #Wo 7:15pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18Men si nou #Wo 8:14mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19Alò, zèv lachè yo klè: #I Kor 6:9,18Imoralite, salte, sansyalite 20idolatri, fè maji, fè lènmi #II Kor 12:20konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap #I Kor 6:9eritye wayòm Syèl la.
22Men #Mat 7:16fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan #Wo 6:6krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache #Gal 5:16pa Lespri a. 26Pa kite nou #Fil 2:3vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

Chwazi Kounye ya:

Galat Yo 5: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte