II Jean 1
1
1Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki #Jn 8:32konnen laverite yo, 2pou koz laverite a, ki rete nan nou, e ki va #Jn 14:16avèk nou jis pou tout tan: 3#Wo 1:17Lagras, mizerikòd, ak lapè va avèk nou, ki sòti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri, Fis a Papa a, nan verite, ak nan lamou.
4 #
Jn 3:3
Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.
5Konsa, koulye a mwen mande ou, madanm, #I Jn 2:7pa tankou mwen t ap ekri yon kòmandman tounèf, men menm sila ke nou te gen depi nan kòmansman an, pou nou renmen youn lòt. 6Men #I Jn 5:3sa se lanmou, pou nou mache selon kòmandman Li yo. Sa se kòmandman an, jis jan ke ou te tande li #I Jn 2:7depi nan kòmansman an, pou ou ta mache nan li.
7Paske #I Jn 2:26anpil sediktè #I Jn 2:19gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.
8Veye nou menm #I Kor 3:8pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.
9Nenpòt moun ki fin ale byen lwen e ki #Jn 7:16pa kontinye nan doktrin Kris la, pa gen Bondye. Sila ki rete nan doktrin nan, li gen ni Papa a, ni Fis la.
10Si nenpòt moun vini a nou, ki pa pote doktrin sila a, #I Wa 13:16pa resevwa li nan kay nou, e pa menm salye li, 11paske sila ki salye li a #Ef 5:11patisipe nan zak malveyan li yo.
12 #
III Jn 13,14 Malgre ke mwen gen anpil bagay pou m ta ekri nou, mwen pa vle fè sa avèk papye ak lank; men mwen espere ke m va vini a nou menm pou nou pale fasafas, jis pou jwa nou kapab vin akonpli.
13Pitit a #II Jn 1sè chwazi yo salye nou. Amen
Chwazi Kounye ya:
II Jean 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith