III Jean 1
1
1Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen #I Jn 3:18renmen an verite.
2Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou se an bòn sante. 3Paske mwen te #II Jn 4tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwen a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4#III Jn 3Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
5Byeneme, ou ap aji fidèlman nan tout sa ou acheve pou frè yo, sitou lè se #Wo 12:13moun ou pa rekonèt yo. 6Yo pote temwen amou ou devan legliz la. Konsa, ou va fè byen pou voye yo sou wout yo nan yon jan #Kol 1:10ki gen merit devan Bondye. 7Paske yo te sòti pou kòz a #Jn 15:21Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo. 8Nou dwe bay soutyen a moun tankou sa yo, pou nou kapab ouvriye parèy a yo nan laverite a.
9Mwen te ekri yon bagay a legliz la, men Diotrèphe #II Jn 9ki renmen premye pami tout, pa aksepte sa nou te pale.
10Pou rezon sa, mwen va atire atansyon a zak sa yo ke li fè, lè l akize nou san jistis avèk pawòl yo ki mechan. Pa menm satisfè avèk sa #II Jn 10li refize resevwa frè yo, epi li refize sa yo ki ta vle fè sa, epi #Jn 9:34mete yo deyò legliz la.
11Zanmi mwen yo #Sòm 34:14pa imite sa ki mechan, men sa ki bon. Sila ki fè byen a Bondye. Sa ki fè mal pa janm te wè Bondye.
12Démétrius te resevwa yon bon temwen a tout moun, epi osi selon menm laverite a; epi nou mete temwen nou sou sa, epi #Jn 19:35ou konnen ke temwen nou vrè.
13 #
II Jn 12
Mwen te gen anpil bagay yo pou ekri nou, men mwen pa vle ekri yo avèk plim ak lank; 14men #Jn 10:3mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fas a fas.
15Lapè swat avèk nou. Zanmi yo salye nou. Salye zanmi yo pa pwòp non yo.
Chwazi Kounye ya:
III Jean 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith