I Jean 5

5
1Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.
2Men konsa nou konnen ke #I Jn 3:14nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3Paske #Jn 14:15se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
4Paske nenpòt ki ne de Bondye #I Jn 2:13ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou. 5Kilès sila ki venk lemonn an, sòf ke li ki #I Jn 4:15kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
6Se Sila ki vini pa dlo ak san, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwen an, akoz se Lespri a ki verite. 7Paske gen #Mat 18:16twa ki bay temwen; 8Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.
9 # Jn 5:34,37 Si nou resevwa temwen lan a lòm, temwen Bondye a pi gran. Paske temwen Bondye a se sa; ke Li te pote temwen konsènan Fis Li. 10Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan #Wo 8:16gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.
11Temwen a se sa: ke Bondye te bay nou #I Jn 1:2lavi etènèl a, epi #Jn 1:4lavi sila se nan Fis Li. 12#Jn 3:15,36Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.
13 # Jn 20:31 Bagay sa yo mwen ekri a nou ki #I Jn 3:23kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a.
14Sa se #I Jn 2:28konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li.
16Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò #Jc 5:15li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. #Jr 7:16Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila. 17#I Jn 3:4Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
18Nou konnen ke #I Jn 3:9okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi #I Jn 2:13mechan an p ap touche li.
19Nou konnen ke #I Jn 4:6nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans a mechan an.
20Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te #Luc 24:45bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la.
21Ti moun yo, veye nou kont #I Kor 10:7,14zidòl yo.

Chwazi Kounye ya:

I Jean 5: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte