I Timothée 3
3
1Sa se yon vrè pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon #Trav 20:28pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2#Tit 3:2-4Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e #I Tim 3:8lib de lanmou lajan. 4Li dwe yon moun ki #Tit 3:12jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5(men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen #I Kor 10:32legliz Bondye a?) 6Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7Li dwe #II Kor 8:21gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak #II Tim 2:26pèlen Satan.
8Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9#I Tim 1:5,19men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10#I Tim 5:22Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11Fanm yo dwe menm jan an, dign #II Tim 3:3pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12Dyak yo dwe #I Tim 3:2mari a yon sèl fanm, #I Tim 3:4bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo #Mat 25:21resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
14M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan #Ef 2:21kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
16San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te #Jn 1:14revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te #Wo 16:26pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
Chwazi Kounye ya:
I Timothée 3: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith